Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens, Ayiti 23 Desanm 2024-Tinouvel.com
Ayiti-Masak
207 moun mouri se Bilan masak Wharf Jeremi dapre yon rapò envestigasyon Nasyonzini
Biwo entegre Nasyonzini an (BINUH) an Ayiti ak Wo Komisarya pou dwa moun (OHCHR). ) pibliye rapò ankèt yo jodi 23 desanm lan sou masak gang ame te komèt sou Wharf Jérémie nan site Solèy apre plis pase de semèn .
Dapre Kominike pou laprès,ant 6 ak 11 desanm 2024, plis pase 207 moun (134 gason ak 73 fanm) gang ame te egzekite, majorite yo se tigranmoun yo te akize te fè wonga ( yon pratik vodou ) ki te koze maladi timoun chèf gang nan. Lòt viktim yo se moun ki te eseye kouri kite zòn lan paske yo te pè reprezay, oswa yo ta sispèk ki te bay medya lokal yo enfòmasyon sou krim sa yo .
Rapò BINUH ak OHCHR fè konnen viktim yo te abite nan senk zòn diferan nan katye Wharf Jérémie a epi yo te touye pandan yon peryòd sis jou.
Rapò te montre atrosite gang lan te itilize pou touye viktim yo : "an premye yo te al pran yo lakay yo ak yon nan yon tanp , epi yo te mennen nan gwo fyèf gang nan kote yo te kenbe yo prizonye ak entèwoje nan yon kote yo rele "sant fòmasyon". Aprè sa a, yo te mennen yo nan yon sit pou ekzekite yo oswa touye ak manchèt. Pou te eseye efase tout prèv "Gang la te nan boule kadav yo, oswa rache tout manm yo epi apre sa yo jete yo nan lanmè a",dapre Rapò BINUH ak OHCHR .
María Isabel Salvador, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, ensiste pou montre krim sa yo touche fondalnatal sosyete ayisyen an, vize popilasyon ki pi vilnerab yo.
"Nou pa ka pretann pa gen anyen ki te pase. Mwen mande sistèm jistis ayisyen an pou l mennen ankèt sou krim terib sa yo epi arete e pini moun ki komèt krim yo, ansanm ak moun ki sipòte yo. Mwen mande otorite yo tou pou yo tabli yon inite jidisyè espesyalize pi vit posib pou konbat kalite krim sa a.”
Depi lontan, ni lapolis, ni otorite jidisyè pa entèvni nan Wharf Jérémie. Manm gang yo kontinye ap komèt san okenn pinisyon. Jou ki te 12 Desanm, Premye Minis la te bay Minis Jistis ak Sekirite Piblik la ak chèf polis jidisyè enstriksyon pou yo mete tout resous ki nesesè pou yo arete moun ki komèt krim sa yo.
Depi 2022, gang Jérémie Wharf ap goumen kont gang rival yo pou yo ka kontwole wout ki mennen nan pò prensipal kapital la ak tèminal kontenè li yo. Anplis de sa, lidè gang sa a ta enpoze konpayi ki jere pò a yon "taks" , sou kontenè tap sòti yo, sou konpayi transpò woutye k ap deplase machandiz kap soti nan pò a. Li te tou pozisyone tèt li tankou yon entèmedyè kle pou aktè nasyonal ak entènasyonal k ap chèche gen aksè ak popilasyon lokal k ap viv nan Wharf Jérémie.
Selon BINUH Masak nan Wharf Jérémie byen dokimante eli rive nan yon kontèks tet chaje nan vyolans ak vyolasyon dwa moun ak abi an Ayiti, ki enplike tou gang kriminèl, gwoup oto-defans, ak manm moun ki pa òganize nan popilasyon an. Sous kredib endike tou inite espesyalize Polis Nasyonal Ayiti (PNH) patisipe nan bagay sa yo.
Depi kòmansman ane 2024, BINUH ak OHCHR te anrejistre plis pase 5,350 moun ki mouri ak plis pase 2,155 blese kòm yon rezilta dirèk zak vyolans sa yo. Sa pote total moun mouri ak blese a plis pase 17,000 depi 2022.
Jan wo Komisè pou Dwa Moun, Volker Türk, te di a, li ijan pou otorite ayisyen yo pran mezi solid pou ranfòse lapolis ak lòt enstitisyon letaki paralize nan koripsyon ak enpinite. Kominote entènasyonal la dwe aplike tou anbago zam , entèdiksyon vwayaj ak jele byen bandi yo ,Konsèy Sekirite Nasyonzini te enpoze pou anpeche vyolans gang ann Ayiti.
Nap souliye BINUH ak OHCHR pa janm site nan rapò non Chèf gang Wharf Jérémie(Mikanò) ki komèt masak la ak òganizasyon kriminel li fè pati a(Viv ansanm).Pou ki sa a oubli selektif sa a? Sèl Mathias Gillmann (gillmann@un.org(link pou e-mail) , Pòtpawòl BINUH ki gen repons lan.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com