Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

5 desanm debi netwayaj etnik sou zile Ayiti

HAÏTI 25 Gourdes Proof Christophe Colomb / armes 1974

HAÏTI 25 Gourdes Proof Christophe Colomb / armes 1974

Nouyòk ,Etazini -5 desanm 2024 -Tinouvel.com

 

5 desanm debi netwayaj etnik sou zile Ayiti

 

Kòm se venkè yo ki toujou ekri istwa. Sila yo aprann nou  nan  lekòl selon  pwennvi Ewopeyen yo an, se navigatè Italyen an, Christophe Colomb (vrè non-Cristoforo Colombo) ki dekouvri kontinan Ameriken an.


Ofisyèlman gwo pouvwa Ewopeyen yo ak kretyen yo te vle louvri yon nouvo wout maritim pou yo ka rive nan peyi End yo paske wout tè yo pou mennen  ann Azi te  bloke.


Christophe Colomb, te osèvis   waywòn Lespay , pwopoze pou yo kontoune Lafrik, yon wout yo te konsidere kòm long ak danjere, men yap pito   travèse Oseyan Atlantik la pou rive ann Oryan.

 

12 oktòb 1492, byen bonè nan maten eksploratè jènwa a debake sou zile Guanahani (li te vinn rele l San Salvador) nan achipèl Bahamas ak yon flòt twa karavèl: Santa María, la Pinta ak la Niña. 

5 desanm nan menm ane a, li menm ak 87 manm ekipaj li a debake sou plaj Ispanyola, jodi a Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Se sou zile sa yo  li te etabli yon premye fò, La Navidad, yo konsidere kòm premye etablisman Ewopeyen an nan "Nouvo Monn lan".

Konkeran panse li te rive nan nouvo zile Enden yo, e pat dekouvri anyen paske sou zile li te pase yo  li te sitou jwenn  peyi sa yo tou peple qak sivilizasyon yo e li te deside pou rele tout abitan ki tap viv sou zile yo Endyen. 532 ane nou toujou ap repete , e menn kontinye  komemore 5 Desanm "Dekouvèt Ayiti".

 

"Jenosid Taino" oswa "Jenosid Arawak".

Mesye Kristòf Kolon yo,lè yo rive sou zile Ayiti,Kiskeya ou Bohio pat rankontre ak okenn pèp ki rele  Endyen men pito  pèp Taino, endijèn ki pale arawak ki te majorite sou zile Ispanyola ak zile ki ozalantou yo.Taino te byen resevwa Panyòl yo e ki pat anpil ant 142 ak 43 , yo kite kolon yo enstale ti vil fòtifye yo  e byen vit yon bann kolon pral vinn pa banm ak  pakèt depi Espay pou  ranfòse a sa ki la yo.

 

Taino te panse kolon yo  te vini pou lapè  men anreyalite moun sa yo komèt pi gwo jenosid nan  mond lan . Sou pwen sa a, gen anpil chire pit nan mitan istoryen   yo .

Nan" Les Rendez-vous de Saint-Domingue "René Luneau te di, daprè kèk istoryen, envazyon sa a  te reprezante aktyèlman pi gwo jenosid nan listwa lèzòm. Men tou  pifò istoryen refize pale de jenosid nan sans legal tèm lan.

Gen seri long evènman  nan literati yo ki souvan  fè referans ak  "Jenosid Taino" oswa "Arawak jenosid". Antwopològ Christian Duverger, pa egzanp, kwè disparisyon Tainos yo, nan peryòd Konkista e, ase konvenkan  “nou ka pale de jenosid.


Aktivis anti-kolonyalis Yves Benot imite fòmil "omisid envolontè" pou pale "jenosid envolontè", mo a jistifye ak dezi pou elimine fizikman yon gwoup moun : ekstèminasyon Arawak yo...... premye kolon Amerik yo simen lanmò, pafwa pa neglijans, sitou pa sadism libere.


Bernard Vincent ak Jacques Attali te bay chif ki bay kè sote.Yo di "te gen ant swasant a katreven(60 a 80 )   milyon Ameriken natif natal nan Nouvo Monn lan  ( anviwon yon santèn milyon abitan an Ewòp nan epòk la), plis pase 80% nan yo  te disparèt nan kèk ane". 


Zile Ispanyola Ayiti ak Repiblik Dominikèn kounye a  te gen "sèt milyon a uit (7 a 8) milyon abitan an 1492, te rete sèlman 125 an 1570 (e deja an 1496  te gen mwens pase kat (4) milyon )". An Ayiti 532 zan apre pa gen yon grenn Taino ou desandan yo.


Nan mwens pase  70 zan  yo ekstèmine a pe prè 8 milyon abitan natif natal zile a, men ki jan yo fè rive la menn?


Anpil  Karayiben Endyen ki mouri  depi 1492 yo te viktim epidemi, lè Ewopeyen yo vini yo rantre ak mikwòb ak epidemi yo .Taino pat iminize kont maladi Ewopeyen yo tankou lawoujòl, grip oswa tifoyid, natif natal yo kòmanse mouri san, nan moman, kominote yo pot ko menase;mikwòb nemoni,  lapès soti nan ansyen mond lan pou vinn ravaje Nouvo a kòmanse gen konsekans trajik sou popilasyon an.


Sou zile Quisqueya, kote Ayiti ak Repiblik Dominikèn ye jodi a, apeti ensasyab konkeran yo pou lò ak ajan te mennen nan 20 ane ak ekstèminasyon total popilasyon yo atravè travay fòse nan min yo, privasyon manje, separasyon fanmi yo, ekzekisyon, tòti, abi seksyèl, ajoute maladi ak mòtalite enfantil . Travay fòse  nan chan agrikòl se kèk nan koz Jenosid lan.


Masak nan"batay  La Vega Real" 


Gèrye yo  kasik Caonabo, mari Anacaona,te ofri yon gwo rezistans ak anvayisè yo, yo te  asasinen kèk nan yo, sènen kèk lòt. Men, Panyòl la te reyisi pran yo nan yon atak sipriz nan yon zòn ki gen anpil moun an 1495 "batay nan La Vega Real"  sòlda ki te byen ekipe e ki te sou cheval ak chen drese te masakre anpil Taino, se te yon tounan  desizif nan eliminasyon kasika sa a. 


Nou menn Ayisyen ki vini pa lafòs depi Lafrik sou zile kiskeya nou paka  nan komenorasyon 532 anivèse dekouvèt Ayiti."Pou nou, se senksan twentde ane malè nou yo,", nou pa nan  selebrasyon ,ewopeyen  dwe fè penitans pou "mande padon pou destriksyon sivilizasyon Endyen yo ak depòtasyon Afriken yo pou mete yo nan esklavaj an Ameriken.

5 desanm 1986 jenes pwogresis ,demokrat ak eleman lagoch ayisyen te ale dechouke estati Kristòf Kolon sou Bisantnè nan Kapital peyi Dayiti.

Nap konli ak pawòl Jacques Attali: “Mwen ta renmen,” li ekri, “pou nou gen kouraj pou nou di nou regrèt mal lèzòm fè lèzòm, pou nou mande viktim yo padon, pou nou finalman ba yo vrè plas yo nan memwa mond lan.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com


Sous

Le prix de la conquête des Amériques Radio Canada
1492-1992, l’histoire par le glaive Monde Diplomatique

Actes de génocide en Amérique Wikipedia

5 desanm debi netwayaj etnik sou zile Ayiti
5 desanm debi netwayaj etnik sou zile Ayiti
5 desanm debi netwayaj etnik sou zile Ayiti
Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article