Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Barahona, RepiblikDominikèn-2desanm2024,-Tinouvel.com
Anbasad ayisyen an panyòl mande pou tout limyè fèt sou ka 26 konpatriyòt ki entène lopital apre fin bwè yon ji kontamine
Ensidan grav rive yè dimanch nan yon jaden zonyon nan rejyon Azua, Repiblik Dominikèn.Dapre Anbasad la ,26 konpatriyòt pami 2 minè k ap travay nan jaden sa a te tonbe malad ak yon vant kode e yo entène lopital apre yo fin bwè yon ji ki ta prepare nan yon veso sal .Se ta yon anplwaye ki ta prepare ji sa a, daprè premye enfòmasyon misyon diplomatik Ayiti an Repiblik Dominikèn te jwenn.
PwopriyEtè jaden an te transpòte malad yo nan lopital Taiwan pou yo resevwa swen ki nesesè yo.
Anbasad la mande pou limyè fèt sou zafè sa a epi presize ekip konsila ayisyen an nan Barahona mobilize ansanm ak viktim yo jiskaske yo refè.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com