Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk ,Etazini -9 desanm 2024 -Tinouvel.com
Asasina Brian Thompson: Luigi Mangione ewo ou salo
Apre yon semèn pawòl anpil sou rezo sosyal yo, otorite yo idantifye yon moun ki ta sispèk nan asasina CEO UnitedHealth Brian Thompson.
Kontèks:Luigi Mangione te maske , tire epi touye Thompson devan otèl Hilton nan Midtown Manhattan bò 6:40 Mèkredi maten .Li te rapidman kite Manhattan san bri san kont.
Li te pran yon otobis Greyhound e desann nan Altoona ,PA.Yon anplwaye McDonald's te rekonèt Mangione rele lapolis lokal , dapre Komisè Lapolis Vil Nouyòk Jessica Tisch. Tisch te deklare nan lendi konpòtman li te sispèk pandan seyans kesyon yo.
Chèf Detektif NYPD Joe Kenny te anonse lendi 9 desanm, Luigi Mangione, ki gen 26 an, ta gen lyen ak Maryland, se yon sispèk anrapò ak asasina a.Chèf Kenny te remesye enfomatè a ak lapolis pou aksyon rapid pou te arete sispèk la.
Depatman Lapolis Altoona konfime nan yon nòt pou laprès yo te arete Mangione sou akizasyon ki pa gen rapò ak fiziyad Thompson.
Pou kounye a li poko gen okenn akizasyon sou do li, sepandan, Majistra vil Nouyòk Eric Adams nan yon konferans pou laprès te di li koresponn ak deskripsyon sispèk la.
Ki moun Ki Luigi Mangione ?
Paj Facebook Mangione a montre li soti nan Towson, Mayriland e li te etidye nan Inivèsite Pennsylvania. Kont X li a montre li te fe M.S.E. ak B.S.E. nan Syans enfòmatik nan Penn. Paj LinkedIn Mangione a montre travay ki pi resan li kòm yon enjenyè done nan TrueCar.
Luigi Mangione se yon jeni nan òdinatè ki gen 26 an e gradye nan Valedictorian Prep School nan Maryland .Dènye adrès Mangione a te nan Honolulu, Hawaii. Li te fèt ak leve nan Maryland epi li gen lyen ak San Francisco.
Luigi Mangione ewo
Plizyè douzèn moun te kouri ale sou kont Instagram Mangione pou sipòte l apre nouvèl la te gaye . Men kèk nan kòmantè yo:
Pèp la avèk ou 🤍
Pafwa ewo yo pa mete yon kaskèt men genyen yon sakado
Ka a te kaptive atansyon piblik la, anpil espekilasyon te inonde platfòm tankou X ak Instagram, kote Mangione byen vit te vin tounen yon ewo e te jwenn sipò Ameriken parèy li yo.
Yon Salo?
Mangione te gen plizyè fo, idantite yon paspò ameriken, yon zam ak yon silansye ki sanble avèk sa yo te itilize nan atak la.
Li te itilize yon fo kat idantite New Jersey pou li te tcheke nan yon fwaye nan Vil Nouyòk anvan fiziyad la.
"Ofisye yo te jwenn yon dokiman ekri alamen ki dekri motivasyon li ak mantalite," Tisch te di. Dokiman an te gen twa paj.
Sepandan, detay ki antoure koneksyon Mangione ak Thompson ak yon motif potansyèl rete anba envestigasyon.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com