Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Prezidan Repiblik Kolonbi a, Gustavo Petro Urrego, ak Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an Leslie Voltaire
Pòtoprens, Ayiti 23 Desanm 2024-Tinouvel.com
Ayiti-Kooperasyon
Ayiti ak Kolonbi ranfòse koperasyon yo
Tinuvel ak GazetteNews
Prezidan Repiblik Kolonbi a, Gustavo Petro Urrego, ak Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an Leslie Voltaire, te rankontre nan vil Riohacha, Kolonbi, nan dat 21 desanm 2024. "konsèy minis ant 2 peyi " sa a se te pou abòde sijè enpòtan yo. "tankou lapè, sekirite, jistis, migrasyon, koperasyon ekonomik, teknik ak kiltirèl."
Daprè deklarasyon konjwen Gazette Ayiti te konsilte, Prezidan Petro te akeyi pwogrè remakab ki te fèt sou otorite Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la ann Ayiti pandan li te reyafime sipò inébranlable li pou rezolisyon kriz miltidimansyonèl k ap souke peyi a. Bò kote pa l, Prezidan Voltaire eksprime admirasyon li pou efò Kolonbi fè pou konsolide lapè, pandan l ap mande yon entansifikasyon relasyon bilateral yo nan fason pou ankouraje devlopman mityèl 2 nasyon yo.
Epitou, Prezidan Petro reyafime "angajman li pou ankouraje inisyativ ak òganizasyon rejyonal ak entènasyonal, pou jwenn yon solisyon ak sitiyasyon kris la an Ayiti"
Yo te mete aksan sou nesesite pou divèsifye komès ant de peyi yo. Toujou daprè dokiman an, Kolonbi angaje l pou l ekspòte pwodwi manje tankou mayi ak farin an Ayiti, ansanm ak materyèl konstriksyon, pwofite kapasite lojistik depatman La Guajira.
La Colombie a souligné qu'elle dispose actuellement d'un approvisionnement en produits alimentaires et industriels pour l'exportation et réaffirme qu'elle a actuellement un accord avec la CARICOM en vertu duquel des préférences tarifaires sont accordées aux pays des Caraïbes, dont Haïti.
Kolonbi souliyen li gen yen yon rezèv manje ak pwodwi endistriyèl ki la pou ekspòtasyon e li pale sou akò yo genyen ak CARICOM ki bay peyi Karayib yo, tankou Ayiti bon avnataj nan tarif yo.
Ayiti, bò kote pa l, prezante inisyativ li yo ki vize reaktive pò sid yo pou sipòte echanj sa yo. Anplis de sa, 2 ofisyèl yo te dakò pou ranfòse koperasyon yo nan kad akò CARICOM yo.
Delegasyon yo mete aksan sou wòl enpòtan edikasyon an nan bati sosyete yo. Kolonbi anonse inisyativ ki vize ofri jèn ayisyen fòmasyon teknik ak lengwistik, ki baze sou memorandòm de konpreyansyon ki te siyen ant Sèvis Nasyonal Aprantisaj (SENA) ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl.
An tèm de sekirite, Kolonbi ofri fòmasyon pou ofisye polis nasyonal ayisyen yo nan domèn kle tankou entèlijans ak polis kominotè. Sou front migrasyon an, de lidè yo akeyi efò Kolonbyen yo pou pwoteje imigran ayisyen yo pandan y ap mande pou batay kont trafik migran yo ranfòse .
Repiblik Kolonbi pwofite prezante entansyon l pou l konstwi yon alyans ki baze sou kat prensip fondamantal i) souverènte, ii) chanjman klimatik, iii) bon pratik ak iv) egalite anvè ekite.
Fen reyinyon an te make pa relasyon istorik ant de peyi yo. Prezidan CPT Leslie Voltaire te envite ofisyèlman kòlèg Kolonbyen li pou vizite Ayiti, “pou l rann omaj a lyen ki ini 2 pèp yo, atravè memwa Simón Bolívar ak Alexandre Pétion”.
Sou X, prezidan Kolonbyen an eksprime rekonesans li anvè Ayiti.
“Yo di ble ak wouj yo te jwenn nan drapo nou an se te Miranda ki te chwazi li, nan onè yon drapo ki te vwayaje nan lemonn: drapo revolisyon ayisyen an, esklav yo te fabrike l kont Lafrans, ak eslogan Libète, Egalite ak Solidarite. . », Gustavo Petro te ekri.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com