Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ayiti: Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la kondane atak kont  lopital jeneral la

Leslie Voltaire,Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon

Leslie Voltaire,Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon

Pòtoprens,Ayiti, 24 desanm 2024 -Tinouvel.com

Ayiti: Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la kondane atak kont  lopital jeneral la

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an "kondane atak bandi ame ki fèt nan lopital jeneral " madi 24 desanm 2024 sa a.


Nan yon videyo ki pibliye sou paj Facebook prezidans la, prezidan KTP Leslie Voltaire deklare atak sa a inakseptab ,pou konsèy tranzisyon prezidansyèl la.

Leslie Voltaire prezante senpati li bay tout fanmi viktim yo e bay garanti zak sa yo pap rete san konsekans.

Nap raple yon polisye  ak 2 jounalis mouri pami yo Jimmy Jean kap travay pou moun ap fè bon Tv. Selon responsab SEMEL, yon asosyasyon jounalis an liy  gen plis pase 7 lòt blese grav apre atak bandi te fè kont lopital jeneral nan  Pòtoprens.


 Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article