Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ayiti-Masak : "Wa Mikanò",  touye omwen 184  moun, pifò ladan yo se granmoun 

Ayiti-Masak : "Wa Mikanò",  touye omwen 184  moun, pifò ladan yo se granmoun 

Pòtoprens, Ayiti 9 desanm 2024 -Tinouvel.com

 

Ayiti-Masak : "Wa Mikanò",  touye omwen 184  moun, pifò ladan yo se granmoun 
 


Masak la, daprè yon òganizasyon dwa moun, te fèt nan Warf Jeremie, yon katye  bò lanmè nan Site Solèy, youn nan katye ki pi pòv ak pi vyolan nan Pòtoprens, gang ame Viv Ansamm kontwole e se Mikanò Altes ou Monel Felix, alyas "Wa Mikanò "ap dirije.

 
"Chèf gang pwisan" sa a te konvenki apre yon visit kay yon 
 bókò  (yon prèt vodou)  maladi pitit gason pa senp e se ti granmoun yo kap  manje pitit li an (nan pratik vodou yo ta voye yon move sò sou   li) , dapre Komite ONG ayisyen pou lapè ak devlopman (CPD).


Depi li finn tande koze sa a "Chèf Gang lan"Wa Mikanò " te deside pini ak mechanste tout granmoun e voye "sòlda li  yo pou idantifye viktim yo lakay yo epi mennen yo nan bastyon  chèf la pou yo egzekite," selon  CPD .


Finalman, timoun nan te mouri dimanch aprè midi daprè yon deklarasyon ong a, kote li te konstate yon van panik tap soufle nan zòn kote asasina yo te fèt lan.
 
Prèske 200 moun  mouri nan Pòtoprens ant jedi 5 desanm ak samdi 7 desanm lan ,pandan masak Waf Jeremi an , dapre sa Nasyonzini te anonse  lendi sa a.


Volker Türk, wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun, te deklare lendi nan yon konferans pou laprès nan Jenèv (Swis) :"Dènye asasinay sa yo pote kantite moun ki mouri ann Ayiti pou  ane sa a ak 5,000 moun" .

"Kò rache ak boule"


Dapre CPD a, pi fò nan moun ki te mouri  jedi,Vandredi ak Samdi te gen plis pase 60 an, men jèn moun ki te eseye entèvni yo te tou pase  pami viktim yo.


Sòlda gang yo te asasinen moun sa yo  ak kouto ak manchèt sou senp akizasyon yo te fè maji pou touye  pitit gason l ki ta tonbe malad grav.Apre sòlda gan yo finn rache kò yo  , yo boule yo nan mitan  lari a," dapre yon nòt pou laprès òganizasyon an.

 

"Nou dwe sispann voye  zam ann Ayiti," Türk te mande nan yon konferans pou laprès li te fè nan Jenèv pou make Jounen Entènasyonal Dwa Moun, ki selebre chak 10 desanm.


Malgre deplwaman misyon sipò lapolis miltinasyonal Kenya ap dirije  vyolans yo kontinye  e li ogmante plis toujou  nan kapital kote teritwa  kontinye ap pèdi .


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article