Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens, Ayiti 13 desanm 2024 -Tinouvel.com
Opinyon
Ayiti: Vyolans sou Waf Jeremie ,Tirivyè latibonit ak Pòtoprens , yon echèk sekirite pou CPT a ak Alix Didier Fils-Aimé
Premye Masak te fèt ant jedi 5 desanm ak samdi 7 desanm lan sou Waf Jeremi an ,kote Nasyonzini te konte 184 moun mouri e ansyen majistra Bouchard te anonse nan jounal an liy Ayibopost kantite moun ki mouri yo pase a 300 ant Madi 10 ak Mèkredi11 desanm lan .
Nan jou sa yo , chèf gang Mikanò Altes ou Monel Felix, alyas "Wa Mikanò te bay sòlda li yo lòd pou touye tout tigranmoun li te akize lougarou e annapre li te fè touye jen ou byen adolesan ak moun li akize yo ta devwale enfòmasyon ki gen rapò ak masak la bay laprès.
Dezyèm Masak la te fèt nan sware madi 10 desanm pou rive mèkredi 11 desanm nan, toupre lekòl segondè Henry Christophe, yon kote senbolik nan ti rivyè latibonit . Temwen yo afime asayan nan gang "Gran Grif nan Savien te aji ak yon vyolans san parèy e egzekite plis pase kenz moun, pami yo plizyè timoun , epi boule plizyè kay ak machin.
Bilan trajik sa yo toujou ap kontiye malgre diskou fèm pòtpawòl Misyon Kenya a, Jack Mbaka, sou Radiio Tele Metropole: "operasyon desizif yo kòmanse epi li di li gen konfyans pou afwonte gang yo",
Pòtoprens leve ak dòmi anba tansyon
Kout zam gwo kalib kap tire nan Nazon, Delmas, Poupelard ak Lalue nan debi wikenn mete plis enkyetid lakay moun yo. Kowalisyon "Viv Ansanm" kap atake plizyè zòn, boule Lekòl Horace Éthéard nan Ravine Pintade mete aksan sou enkapasite flagran Gouvènman ki sou pouvwa a pou asire sekirite peyi a.
Ki otorite pou ki defi ?
Depi enstalasyon Alix Didier Fils-Aimé kòm Premye Minis Ayiti 10 novanm 2024, Gouvènman lian te pwomèt pou retabli sekirite epi mete fen ak vyolans gang ame Viv ansanm yo tap frape Ayiti.Sepandan, atak sa a revele yon reyalite trè diferan: enkapasite lapolis , lame a ak Misyon Kenya a pou antisipe ak reponn efikasman a menas k ap grandi.
Lefèt gwoup sa yo ap atake yon zòn tankou Delmas, Nazon nan gwo lajounen e fè nou ap poze kesyon seryezman sou mezi prevansyon ak entèlijans otorite yo mete an plas pou kontre bandi yo .Ki sa lajan entèlijans nan Primati,nan Prezidans , nan afè etranjè ak lapolis ap regle? Ki defi sekirite otorite yo paka leve la?
Popilasyon sivil la toujou sib bandi yo
Nan latibonit se gwoup gang Savyen ki enstore yon klima laterè nan plizyè komin nan depatman sa a.Atak yo montre tou inaksyon otorite yo devan detrès popilasyon sivil yo. Pandan plizyè ane, popilasyon nan rejyon metwopolitèn lan ap viv anba menas konstan nan men gwoup ame Viv ansanm yo.Sepandan, olye otorite yo ranfòse pwoteksyon yo, popilasyon an kontinye soufri anba atak sanglan yo, souvan san okenn repons reyèl nan men Leta. Pwomès CPT ak Gouvènman an pou elimine menas teworis la parèt de pli zan pli tankou eslogan vid. Li konsantre sou konsolide pouvwa yo e bliye manda prensipal yo: garanti sekirite Ayisyen yo.
Yon lòt estrateji pou Ayiti
Fas ak echèk sekirite , CPT ak Gouvènman dwe fè fas ak verite anmè: apwòch aktyèl li yo pa apwopriye. Plan sekirite a , si genyen , pa bon e travay Misyon entènasyonal Kenya a pa efikas. Pandan se tan, moun kontinye ap mouri, fanmi kontinye ap kite kay yo pou yo ale nan kan e sitwayen yo ap pedi konfyans otorite yo.
Otorite dwe redefini priyorite yo nan bay bandi repons apwopwiye pou pwoteje popilasyon yo.Gouvènman dwe respekte pwomès sekirite li yo. Li dwe chache konnen mèt bandi yo sou sèn entènasyonal la pou sa pi byen trake e mennen yo devan lajistis.Alix Didier Fils-Aimé dwe mete kanpe konsèy nasyonal sekirite kap bali enstriman legal pou yo mache pran e mete chèf gang yo nan prizon ou voye nan peyi san chapo .
PM lan dwe bay lapolis gwo resous pou batay kont ensekirite. Li dwe ogamante bidjè lapolis pou entèlijans lan .Si se pasa CPT ak Gouvènman pap gen okenn lejitimite e lap pèdi tout kredibilte nan je pèp ayisyen.
Pascal Andre Pierre