Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk ,Etazini 21 Desanm 2024-Tinouvel.com
CBS New York ak Ti Nouvèl
Chèf polis Nouyòk (NYPD )Jeffrey Maddrey demisyone apre akizasyon movèz konduit seksyèl
Yon lòt eskandal ap eklate ankò nan Depatman Lapolis Vil Nouyòk la.
Jeffrey Maddrey, pi gwo polisye an inifòm nan depatman an, te demisyone vandredi swa apre yon akizasyon pou move konduit seksyèl nan travay li.
Depatman an te anonse Samdi, chèf lapolis New York, Jeffrey Maddrey, te demisyone apre yo te akize li te fè avans seksyèl sou yon sibòdone an echanj lap ba li opòtinite pou li fè ajan anplis.
Jeffrey Maddrey te prezante demisyon li bay Komisyonè Lapolis New York Jessica Tisch vandredi swa.
Lt Quathisha Epps te depoze yon plent Samdi kont Maddrey .
Samdi sa a, New York Post pibliye yon entèvyou eksklizif ak Lyetnan Quathisha Epps, ki denonse Maddrey te pwofite pozisyon li pou fòse l fè sèks ak li nan katye jeneral lapolis an echanj lap fè li touche tout lè siplemantè li yo.
Dapre Epps, lè li te voye jete avans chèf lapolis la, li te deside vanje e li te louvri yon ankèt kont lyetnan an, ki te akize li t ap abize lè siplemantè yo.
New York Times rapòte yon lòt anplwaye, Kapitèn Gabrielle Walls, te anonse nan yon entèvyou Maddrey te fè plizyè avans seksyèl sou li e li menn te oblije kache pou li plizyè fwa nan biwo l.
"Depatman Lapolis New York la pran tout akizasyon movèz konduit seksyèl oserye epi yo pral mennen ankèt sou zafè sa a ," dapre otorite lapolis yo.
John Chell, chèf patwouy depatman an, pral asime chèf lapolis sou pwovizwa.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com