Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens, Ayiti 23 Desanm 2024-Tinouvel.com
Doktè Prince Pierre Sonson ,nouvo Direktè Egzekitif Lopital Jeneral .
Yon gwo reyinyon te òganize, lendi 23 desanm 2024 ,sou evantyalite reouvèti Lopital Jeneral la sa a nan lokal Ministè Sante Piblik .
Doktè Duckenson Lorthé BLEMA,Minis Sante Piblik te chita pale ak prensipal responsab Lopital Jeneral la, sitou chèf ak medsen de sèvis yo.
Objektif reyinyon sa a se te diskite sou preparasyon pou relouvri pi gwo lopital inivèsite nan peyi a.
Pandan rankont sa a, minis la te ofisyèlman prezante Doktè Prince Pierre Sonson kòm nouvo Direktè Egzekitif Lopital Jeneral .
Pandan diskou li a, Doktè Prince Pierre Sonson di li konte sou moun ki te la anvan li yo, kòlèg li yo nan jenerasyon l, ansanm ak jèn pwofesyonèl sante yo, pou pèmèt pi gwo estrikti lopital inivèsite nan peyi a ranpli misyon li .
Doktè Prince Pierre Sonson ranplase Doktè Jude Milcé, ki te rete diskrè depi gang ame yo te vandalize etablisman an, selon yon nòt ministè sante piblik .
Nominasyon Doktè Prince Pierre Sonson fèt nan kondisyon difisil kote gang"Viv Ansanm prèske detwi Lopital Jeneral la nèt .Anpil obsèvatè ap mande èske leta santral an mezi pou pasifye zòn alantou lopital ki anba kontwòl gan ame yo?Ki jan yo pral sekirize lopital pou pèmèt reouvèti pote rezilta konkrè pou popilasyon nan zòn metwopoliten lan.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com