Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Wanament , Ayiti 30 desanm 2024 -Tinouvel.com
Ayiti-Gang
Dominiken remèt bay lapolis ayisyen yon manm gang savien epi foul moun yo ba li bwa kale imedyatman
Otorite Dominiken yo remèt lapolis ayisyen an lendi sa a youn nan manm gang ayisyen ki pi danjere nan pòs fwontyè ant wanament ak Dajabón.
Direksyon Imigrasyon ak J2 te arete Faro Markenson, alyas kòmandan Tirad nan Santiago ,Repiblik dominikèn epi yo te akonpaye Dajabón . Se la yo te remèt li nan Komisarya Lapolis ayisyen an.
Kèk minit apre yo fin remèt bay otorite ayisyen yo, yon foul moun fache touye manm gang lan nan Wanament. Apre sa, yo mete dife sou kò a, pandan tout moun ki te la yo t'ap gade.
Nap raple Faro Makenson "zoupin" alias ti bab se dezyèm chèf gang pon bouk tirivyè latibonit ,yon manm aktif nan baz gran grif nan savien li te kouri ale kache Sen Domeng.La polis nan latibonit tap chache pou aktivite kriminèl nan depatman sa a.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Diaro Libre