Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens, Ayiti -3 desanm 2024 -Tinouvel.com
Ayiti-koripsyon
Dosye BNC: Konvokasyon ou Manda
Jij Benjamin Felismé k ap mennen ankèt sou dosye koripsyon nan BNC ta konvoke Konseye prezidansyèl Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin dapre Le Nouvelliste ki tap site youn nan avoka konseye prezidansyèl yo ki konfime yo resevwa yon konvokasyon pou kliyan yo a nan Biwo yo.
"Mwen poko wè manda konparisyon an, men biwo nou an te resevwa yon konvokasyon nan men jij ankèt la pou 11 desanm," te di avoka youn nan konseye yo ki enplike nan swadizan eskandal koripsyon nan BNC dapre Le Nouvelliste toujou.
Dapre plizyè sous jidisyè Le Nouvelliste site san li pa di ki sous sa yo ,fè kwè jij la te bay manda konparasyon ak diferan dat nan mwa Desanm pou chak konseye yo .
Gazette Haiti News sou bò pa li konfime, Jij Benjamin Felismé deside mete manda kont twa konseye prezidansyèl Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin akize nan zafè BNC a. Yap pouswiv yo "pou abi pouvwa, pran kòb anba tab ak koripsyon pasif".
Dapre manda yo , Lonick Léandre dwe parèt nan biwo jij la 5 desanm, Louis Gérald Gilles 9, Vertilaire 10 ak Augustin 11 ,ansyen prezidan Konsèy Administrasyon Bank Nasyonal Kredi (BNC), Raoul Pierre-Louis akize yo, "yo te mande 100 milyon goud pou l te ka rete nan pozisyon li. Akizasyon yo te toujou voye jete.
Jij Felisme nan manda presize, selon Gazette News ,chak konseye Prezidan yo kapab akonpaye ak avoka yo pandan tout ankèt la jan atik 24-3 nan konstitisyon prevwa li.Jij la avèti yo nan ka yo ta refize obeyi, yo pral mete manda arestasyon kont 3 konseye prezidansyèl yo dapre atik 30 ak 77 nan kòd ankèt kriminèl la, dapre nan manda jounal an liy Gazette Haiti News ta konsilte.
Konvokasyon ou Manda Konparisyon
Avoka youn nan konseye prezidansyèl yo byen chwazi tèm konvokasyon olye manda konparisyon.Yon konvokasyon se yon envitasyon pou yon premye entèwogasyon nan yon premye aparisyon devan jij la.Li vle minize sitasyon jij la e li kapab fè obstak ak demand lan nan pa reponn ak envitasyon san rezon ou pa.
Jij ankèt la Benjamin Felismé, te deja envite konseye prezidansyèl Louis Gérald Gilles nan biwo li 19 novanm men yo li pa mete pye paske Avoka konseye a ta ekri majistra a pou yo fè l konnen li pa konpetan pou envite yon "Prezidan Repiblik la", dapre yon sous Le Nouvelliste.
Manda konparisyon (oswa sitasyon pou parèt) se yon envitasyon obligatwa pou yon odyans.Li ka swa devan yon komisè gouvènman oswa devan yon jij enstriksyon.Nenpòt moun ki resevwa yon sitasyon nan men yon otorite kriminèl yo dwe oblije ale nan odyans lan.
Avoka konseye chwazi plede pou yon konvokasyon olye manda konparisyon men fwa sa a li pa ka fè obstak san eskize jij la, nan ka li sa a li ka tonbe anba atik 30 ak 77 nan kòd ankèt kriminèl la ki pèmèt lapolis arete mennen yo devan otorite kriminèl ki te konvoke yo.
Konseye ki enplike nan eskandal koripsyon an te toujou di yo inosan . Yo fè konnen se yon montaj politik sèten aktè òkestre pou mennen yon kanpay entoksikasyon virulan sou rezo sosyal yo kont yo.
Avoka twa konseye prezidansyèl yo deklare jij enstriksyon an pa gen jiridiksyon pou tande yo nan ka sa a paske yo gen estati "prezidan Repiblik ".
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com