Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ki jan pou nou sonje Jimmy Carter  ann Ayiti?

Ansyen Prezidan Jimmy Carter salye kandida a la prezidans ayisyen Jean-Bertrand Aristide lavèy eleksyon prezidansyèl ayisyen yo an 1990. Carter te dirije yon ekip obsèvatè entènasyonal ki te kontwole pwosesis eleksyon an. Thony Belizaire/AFP atravè Geti Images

Ansyen Prezidan Jimmy Carter salye kandida a la prezidans ayisyen Jean-Bertrand Aristide lavèy eleksyon prezidansyèl ayisyen yo an 1990. Carter te dirije yon ekip obsèvatè entènasyonal ki te kontwole pwosesis eleksyon an. Thony Belizaire/AFP atravè Geti Images

Nouyòk , Etazini,30 desanm 2024 -Tinouvel.com

 

Ki jan pou nou sonje Jimmy Carter  ann Ayiti?

 

Jimmy Carter, ki  mouri Dimanch lan a laj 100 lan,rantre nan listwa Ameriken ak politik mondyal kòm youn nan lidè ki pi pwogresis Etazini te janm genyen menn si li te rive fè sèlman yon manda kat lane (1977–1981) akòz kriz otaj Ameriken yo an Iran,  li te  pèdi pouvwa e yo tou mete etikèt sou li kòm yon lidè fèb ki lakòz defèt li nan eleksyon 1980 e se Reagan te ranplase li.


Sèten jounalis ta  pran  Jimmy Carter tankou  dènye prezidan liberal Amerik anvan Barack Obama vini prezidan . Men, tout moun sa yo te nan erè. Carter, pandan  manda li se yon prezidan konsèvatè menn jan  ak Ronald Reagan.


Li lè li finn kite Mezon Blanch, an 1982 Jimmy ak Rosalynn Carter te ko-fonde The Carter Center nan Atlanta, ki gen misyon pou rezoud konfli, pwoteje dwa moun ak anpeche maladi atravè mond lan e nan monan sa li tap vinn jwe wòl ponpye.


Nan atik sa a  nou pap rete sou politik konsevatè  li nan peyi li men  sou travay  politik ponpye   li nan peyi Dayiti.

 

Ki wòl Jimmy Carter te jwe an Ayiti?

 

I-Pandan Administrasyon Carter 


Jimmy Carter ap rete  kòm prezidan Ameriken an ki te mete defans dwa moun nan kè diplomasi e li te gen yon pozisyon kritik anvè diktati nan Amerik Santral .Washington te pran desizyon pou pa sipòte diktatè Nikaragwa Anastasio Somoza,an 1979, li tonbe  Fwon Sandinis pou Liberasyon Nasyonal (FSLN, Maksis) te ranvèse l .


Sou prezidans Jimmy Carter, an 1979 rejim Jean-Claude Duvalier tap fè anpil atwosite sou popilasyon ayisyen ki te  reveye endiyasyon nan mitan òganizasyon entènasyonal yo, Prezidan Ameriken Jimmy Carter te deplwaye yon estrateji diplomatik pou dekouraje   diktati Jean-Claude Duvalier, ranm li pi potab nan je le mond. 


Carter te kondisyone èd ekonomik Ameriken an ak  pwogrè tanjib nan dwa moun. An menm tan an, li te fè apèl piblik  pou yo libere prizonye politik yo e li te ofri sipò anba chal ak mouvman pwo-demokrasi .


Li te mande Duvalier pou respekte dwa fondamantal ayisyen yo, se nan epòk sa a lig dwa moun ak  Gerard Goug te kreye e kèk jounalis te ka travay ak yon ti kras libète. Epi, Epi,.....


Menn Carter  sa a ,administrasyon li an  pat pran okenn mezi pou te sanksyone rejim bout di Jean Claude Divaye jiska nan zo ,li  te kontinye ede diktatè Baby Doc ,e Ayiti te resevwa apeprè $41 milyon malgre Divalye te kontinye ap vyole  dwa moun an Ayiti.Opozan ak rejim divaye te kritike anpil èd administrasyon Carter tap bay rejim lan e pou yo menn Carter tap itilize èd   sa a pou li kontinye  kenbe dominisayon l ak anpriz li sou peyi a.

 

Nan fen manda li a,nan yon fason swadizan batay pou anpeche kominis yo pran pouvwa a, Jimmy Carter deside reprann asistans militè bay jent militè ak diktati nan Karayib, amerik latin  la ki t ap radikalize epi kontinye masakre sivil yo, plonje peyi yo nan yon long gè sivil.

 

II-Atravè The Carter Center 

 

Jimmy Carter te rantre  ann Ayiti an desanm 1990 pou siveye ou menn kontwole  eleksyon prezidansyèl yo  ki tap  fèt nan peyi a ,li te rantre sou envitasyon  prezidan pwovizwa a, Ertha Pascal-Trouillot, ak lidè opozisyon yo .


Nan eleksyon 16 deasanm  1990 te gen 11 kandida pou prezidan pami yo Pè Jean-Bertrand Aristide, yon prèt Katolik  37tan lòd Salezyen  te mete deyò l an 1988 pou aktivite politik li. Li te gen anpil sipò nan men yon pati nan lagoch ak pwogresis ayisyen e li jwenn sipò tout kouch nan popilasyon ak nan zòn riral yo.


Pi gwo konkiran Aristide se Marc Bazin, 58, yon ansyen ekonomis Bank Mondyal ki te gen sipò ameriken  yo ak ladwat ak ekstrèm dwat .

 

 Dimanche 16 desanm 1990 apeprè 2.7 milyon moun te ale vote pou  prezidan, palman an ak plizyè santèn ofisyèl lokal yo.Apre eleksyon yo  Carter te salye eleksyon yo kòm yon "siksè demokratik" e li felisite pèp ayisyen an pou angajman li anvè demokrasi.Li te deklare nan mikro jounalis yo:"Delegasyon nou an fenk felisite Prezidan Ertha Pascal-Trouillot pou gwo lidèchip li...."


Men nan menn moman tou ,enfòmasyon  tap sikile ki di  ansyen prezidan ameriken Jimmy Carter te "mande Jean-Bertrand Aristide pou li asepte li pèdi yon eleksyon li  ranpòte ak yon gwo majorite.


Apre enfòmasyon non ofisyèl sa a  , pèp ayisyen te pran lari pou mande Jimmy Carter respekte vòt popilè a, finalman Konsèy elektoral pwovizwa te deklare Aristid gen yen eleksyon ofisyèlman ak anviwon 67%  nan vòt yo.

 

III-Jimmy Carter ak  Putchis koudeta 30 sektanm yo

 

Nan mwa septanm 1994, Jeneral panzouyis ayisyen Raoul Cédras te mande Prezidan Carter pou l vinn  eseye rezoud kriz politik la epi evite yon envazyon militè ameriken ann Ayiti. Prezidan Carter te transmèt enfòmasyon sa yo bay Prezidan Clinton, ki te mande l pou l antreprann yon misyon ann Ayiti ak Senatè Demokrat Georgia Sam Nunn ak Jeneral  Colin Powell ,dapre site Sant Carter.Anvan sa a Prezidan Carter  te konn rankontre ak Prezidan Aristid ki te  eksil ozetazini sou dosye retou li nan Peyi Ayiti.


Delegasyon an te rankontre Jeneral Cedras ak lòt ofisyèl ayisyen. Yo te menn rankontre Madam Cedras tou pou te mande yo degaje yo pou yo pwoteje peyi yo kont envansyon miskle ann Ayiti.


Ayisyen  jenera Brigad  Philippe Biamby te akize delegasyon ameriken an kòm yon medyatè lapè patipri ki  an menm tan tap negosye ak yo e parachitis  ak bato degè Ameriken yo te sou wout pou Ayiti.Si sèten panzouyis tankou  BIamby , Michel Francois te chwazi lagè men prezidan defakto Emile Jonassaint, ki gen 81 an te di : Ayiti te chwazi lapè," dapre Achiv Sant Carter. 


Delegasyon an te  finalman rive jwenn yon akò byen ta nan apremidi 18 septanm nan, senk èdtan apre delè administrasyon Clinton te fikse a. Nan epòk sa a, twoup Ameriken yo te deja  nan wout pou Ayiti.


Prezidan defakto Jonassaint ak Jeneral panzouyis  Cédras te siyen yon akò pou yo demisyone epi retabli Misye Aristide nan tèt peyi anvan 15 oktòb.

 

Nan kad akò a, 15,000 twoup Ameriken yo te debake pou swadizan al  travay ak lame ayisyen an pou asire tranzisyon nan lapè pou Aristide.

 

Menn si Jimmy Carter, ak de lòt moun, te jwe yon wòl kle nan negosyasyon pou  yon transfè pasifik pouvwa soti nan men diktati militè a pou tonbe nan men yon prezidan eli an Ayiti an septanm 1994 men yo pat fè anyen pou anpeche lame ameriken retounen AYITI apre 19 zan okipasyon (1915-1934).


Ni Carter ak tou  sant li a pa ka anpeche Clinton fè yon entèvansyon militè ameriken ki pa t nesesè paske fòs ayisyen yo te deja retire kò l.


Debakman Etazini an Ayiti an 1994 te gen yon rezilta negatif anpil, li te kontribye nan enstabilite politik, depandans ekonomik ak vyolasyon dwa moun.


Sant Carter pa ka chanje nan politik neyoliberal Clinton tap mete sou do Ayiti ,anpil obsèvatè kwè malgre pwomès rekonstriksyon, Etazini pa bay ase èd pou rebati enfrastrikti ak enstitisyon ayisyen yo .E Ameriken yo te enpoze kondisyon ekonomik strik an echanj pou èd yo.


Debakman sa a te gen yen yon enpak negatif sou sekirite ann Ayiti   paske li te kontribye nan kraze lame a ak kreyasyon yon fòs polis ki pa  kapab gen kenbe lòd piblik.

Se konsa pou nou wè Jimmy Carter , yon ameriken tap defann enterè jeopolitk ak ekomomik ameriken.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com


Sous The Carter  center ,PBS,Le Figaro, Polotico, AP,Miami Herald, New York times 

Ki jan pou nou sonje Jimmy Carter  ann Ayiti?
Ki jan pou nou sonje Jimmy Carter  ann Ayiti?
Ki jan pou nou sonje Jimmy Carter  ann Ayiti?
Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article