Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ki moun ki te Brian Thompson? PDG UnitedHealthcare yo te touye nan vil Nouyòk

Brian Thompson PDG UnitedHealthcare

Brian Thompson PDG UnitedHealthcare

Nouyòk ,Etazini -5 desanm 2024 -Tinouvel.com

Etazini-Ensekirite

Ki moun ki te Brian Thompson? PDG UnitedHealthcare yo te touye nan vil Nouyòk

Brian Thompson, chèf egzekitif UnitedHealthcare,  mouri nan mitan  Manhattan byen bonè Mèkredi an ,dapre lapolis se yon "atak sible, ak efreyan."

Thompson, gen 50 tan , te pran yon bal nan do a ak nan janm tou pre New York Hilton, ki te pwograme pou òganize Konferans anyèl envestisè konpayi an. Evènman an te anile apre   fiziyad la .

Andrew Witty, chèf egzekitif konpayi mè United Healthcare Group, te pale nan yon  konferans pou laprès maten sa a, dapre sa New York Times rapòte. Apre li te kite stand otèl la, patisipan yo te aprann yo te tire Thompson .


"Te gen anpil tristès nan koulwa a ak nan lobi an," Michael Ha, yon analist bousye nan Baird ki tap patisipe nan konferans lan Mèkredi maten, te di Times . "Te gen moun ki tap kriye. Moun yo te pè."

 

Yo te mennen Thompson nan yon lopital lokal, kote yo te deklare li  mouri. Lapolis te dekri tirè a tankou  yon gason po klè(blan) ki mete yon jakèt koulè krèm ak  yon sakado gri e li te kouri soti sou sèn krim nan, epi lapolis lage koukouwouj  dèyè l.


"Nou tris anpil epi choke lè nou apranm lanmò  zanmi nou renmen anpil ak kòlèg Brian Thompson, PDG UnitedHealthcare," dapre yon deklarasyon konpayi te mete deyò. "Brian te yon kolèg trè respekte ak zanmi  tout moun ki te travay avè l '. N ap travay kole kole ak Lapolis New York epi mande pou nou pran  pasyans ak gen anpil konpreyansyon pandan moman difisil sa a. Panse  nou ale pou fanmi Brian ak tout moun ki te pwòch li yo.”

 

Ki moun ki te Brian Thompson?

Dapre biyografi li sou sit entènèt konpayi ki baze nan Minnesota, Thompson te nonmen Direktè Jeneral UnitedHealthcare nan mwa avril 2021, avan li te  PDG nan pwogram gouvènman nan UnitedHealthcare yo, tankou Medicare Retrèt ak lokal ak State.

An 2004, li te antre nan konpayi an, apati yon konpayi ki  anba UnitedHealth Group ,ki te klase wityèm nan lis 2024 Fortune nan 500 pi gwo konpayi nan mond lan. Okòmansman, li espesyalize nan fuzyon ak akizisyon.

Anvan sa, Thompson te yon CPA pratikan nan PricewaterhouseCoopers LLP, k ap sèvi kòm yon manadjè nan gwoup sèvis konsiltatif tranzaksyon yo nan pratik odit konpayi an, dapre pwofil LinkedIn li.

Thompson te gen yon lisans nan Administrasyon Biznis ak Kontablite nan University of Iowa. Li gradye nan lane 1997.


Thompson te gen akizasyon  deli inisye nan  pwosè fon pansyon 


Byen bonè ane sa a, fon pansyon nan Hollywood, Florid te devan trennen devan  lajistis Thompson ak plizyè lòt manm nan ekzekitif UnitedHealth Group pa yon , yo te akize yo , yo vann plizyè milyon dola  aksyon konpayi an anvan nouvèl  ankèt Depatman Jistis Ameriken gaye pou li pat bese  aksyon konpayi an.
Thompson, dapre plent la a, te vann pou plis pase 15 milyon dola nan aksyon li te gen UnitedHealth . Pwosè a toujou aktif nan Minnesota.


Thompson te konn resevwa menas, dapre madanm li


Madanm Thompson, Paulette Thompson, te di NBC News  mari l te sib gwo menas, men li pa t konnen nati yo oswa nan men ki moun.


Li mouri ki te yon madanm ,Paulette  ak  de timoun.


Sous YahooNews, Usa Today


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Prezime asasen an
Prezime asasen an
Prezime asasen an

Prezime asasen an

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article