Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Koudeta nan peyi Siri: manm gwoup teworis antre nan Damas 

Sous: Gettyimages. Teworis pran kontwòl sant vil Hamas nan peyi Siri (foto ilistrasyon).
Sous: Gettyimages. Teworis pran kontwòl sant vil Hamas nan peyi Siri (foto ilistrasyon).
Sous: Gettyimages. Teworis pran kontwòl sant vil Hamas nan peyi Siri (foto ilistrasyon).

Sous: Gettyimages. Teworis pran kontwòl sant vil Hamas nan peyi Siri (foto ilistrasyon).

Damas,Siri-8 desanm 2024 -Tinouvel.com


Tinouvèl ak RT


Koudeta nan peyi Siri: manm gwoup teworis antre nan Damas 

Dapre jounal Reuters, Bashar al-Assad kite kapital la, alòske Premye Minis siryen an  anonse li pare pou li bay  pouvwa a yon nouvo gouvènman. 


Nan mitan lannwit 8 desanm, fòs anti-gouvènmantal yo te antre nan Damas epi yo te pran kontwòl vil la, dapre kanal Qatari Al Jazeera. Daprè Al Jazeera, rebèl yo te pran  radyo ak televizyon piblik la tou, yo deklare an dirèk yo te tabli dominasyon sou peyi a. 


Prezidan siryen an, Bashar al-Assad, te kite kapital la nan yon avyon, nan mitan evènman yo kap  souke peyi a, dapre Reuters. 


Fòs anti-gouvènmantal te deklare  yo te libere tout prizonye yo nan prizon Saidnaya nan Damas, dapre Al Jazeera. Anplis de sa, sòlda siryen yo te abandone katye jeneral Ministè Defans lan nan Damas ak sant vil la, dapre kanal Qatari a. Kòmandman  lame  peyi Siri a enfòme ofisye li yo   rèy Prezidan Bashar al-Assad fini , dapre jounal Reuters,ki tap site yon sous. 


Premye Minis siryen an, Mohammad Ghazi al-Jalali, te anonse  li pare pou "kolabore" ak nenpòt direksyon pèp siryen an chwazi epi pran tout mezi ki nesesè pou "transfere" pouvwa a, pandan l ap mande pou konsève enstitisyon leta yo,li te dekri tankou  " bagay tout moun". "Peyi sa a ka vin yon peyi nòmal, yon peyi ki kenbe bon relasyon ak vwazen li yo ak mond lan [...], men kesyon sa a depann sou direksyon pèp siryen an chwazi," li te deklare . 


Majorite minis siryen yo rete Damas, se sa chèf gouvènman an te presize. Gouvènman siryen an te resevwa garanti sekirite tou nan men rebèl yo pou manm kabinè ki rete nan kapital la, daprè minis kominikasyon an.


Yo  te filme Premye minis siryen an tou ki tap monte nan yon machin akonpaye pa fòs opozisyon an ak gwoup islamis yo epi li ale nan yon direksyon enkoni. 


Ayewopò entènasyonal Damas te sispann tout aktivite. Tout anplwaye yo te evakye. Nan Homs, fòs opozisyon yo ak islamis yo ranvèse yon estati ansyen Prezidan Hafez al-Assad, papa Bashar al-Assad. 


Fanmi Assad te dirije peyi Siri depi 1971, lè Hafez al-Assad te pran pouvwa a nan peyi Siri, anvan pitit gason l 'Bashar te pran plas li an 2000.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Ansyen Prezidan siryen an, Bashar al-Assad

Ansyen Prezidan siryen an, Bashar al-Assad

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article