Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Masak Waf Jeremi: Micanor, travèse yon "liy wouj", li dwe peye,dapre gouvènman ayisyen 

Masak Waf Jeremi: Micanor, travèse yon "liy wouj", li dwe peye,dapre gouvènman ayisyen Masak Waf Jeremi: Micanor, travèse yon "liy wouj", li dwe peye,dapre gouvènman ayisyen 

Pòtoprens, Ayiti 9 desanm 2024 -Tinouvel.com

 

Masak Waf Jeremi: Micanor, travèse yon "liy wouj", li dwe peye,dapre gouvènman ayisyen 

 

Gouvènman ayisyen an kondane ak tout fòs “atwosite inimen” ki te fè nan Wharf Jérémie pandan wikenn lan, kote chèf gang Micanor te masakre sovajman anviwon 180 moun.Pou "Gouvènman Mikanor Altes ou Monel Felix , alyas "Wa Mikano"janbe yon "liy wouj" e li dwe peye pou krim odye sa a.Li pwomèt pou bay viktim yo jistis apre yon trajedi san parèy"...

Nan yon mesaj ofisyèl ki te pibliye sou X (ansyen Twitter), gouvènman an te eksprime endiyasyon absoli li pou zak barbari sa a. 

Gouvènman an reyafime angajman total e irevokab li pou elimine gwoup kriminèl ame ki simen laterè ak sabote fondasyon nasyon nou an. Chak resous, chak enstitisyon Leta pral sèvi pou retabli lapè ak sekirite.

 

Nan menn nòt la, otorite yo eksprime tou senpati yo ak fanmi viktim yo, pandan y ap reyafime angajman yo pou konbat ensekirite k ap ronje peyi a.Li asire yo pral bay yo jistis. "Sakrifis nanm  moun sa yo p ap anven, Repiblik la pap kanpe devan anyen pou retabli lòd, diyite ak sekirite nan mitan popilasyon an", nou te ka li nòt la.

 

Se dezyèm masak Viv Ansanm komèt nan Waf Jérémie. Premye a te pase nan mwa me 2024 lè gang Mikano te touye plis pase 20 moun .Dezyèm masak sòlda Viv ansanm yo te touye prèske 200 moun  ant jedi 5 desanm ak samdi 7 desanm lan  sou Waf Jeremi , e  pi fò nan viktim gen plis pase 60 an, men jèn moun ki te eseye entèvni pou sove granmoun yo te tonbe anba bal asasen yo  ,dapre CPD .


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article