Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Pastè  Dieuné Day arete an Repiblik Dominikèn epi ekstrate ann Ayiti

Pastè  Dieuné Day arete an Repiblik Dominikèn epi ekstrate ann Ayiti

Pòtoprens ,Ayiti13 Desanm 2024- Tinouvel.com

Ayiti-Trafik zam

Pastè  Dieuné Day arete an Repiblik Dominikèn epi ekstrate ann Ayiti


Lapolis dominiken te arete jedi 12 desanm 2024 ,ansyen responsab legliz Sur le Rocher Pastè Dieune Day.Otorite dominiken yo te remèt li yè jedi bay Lapolis ayisyen an. Polis Nasyonal Dayiti (PNH) t ap chèche aktivman pou  swadizan enplikasyon li nan dosye chajman yon bato zam ak minisyon pou Legliz Episkopal Ayiti a, nan dat 14 jiyè 2022.

Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te akize l  pou evazyon fiskal , kontrebann, abi konfyans, asosyasyon kriminèl .

Nap raple jij Martel Jean Claude nan yon odonans te voye l al jije nan tribinal kriminèl pou patisipasyon li nan dosye trafik zam.

Pou le moman, Dieune Day   nan gadavi lapolis pou rès  pwosedi legal yo.


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com


 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article