Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Prezidan Louis Gérald Gilles pwononse l sou dosye BNC a, li move kont nèg ki moute fo rapò sa

Prezidan Louis Gérald Gilles pwononse l sou dosye BNC a, li move kont nèg ki moute fo rapò sa

Pòtoprens, Ayiti 21  Desanm 2024-Tinouvel.com


Ayiti-Kriz Politik 

konseye Prezidan Louis Gérald Gilles kalifye eskandal BNC tankou yon pyès teyat mal monte 


Prezidan Louis Gérald Gilles pwononse l sou dosye BNC a, e kalifye rapò ULCC" tankou  majinasyon politik pou  sal imaj li nan je zanmi ,fanmi ,etidyan li ,kamarad politik li yo  ak nan je lemonn".


Li fè konnen pa gen moun ki ka" mete paboukèt nan Bouch ak nan kè pou anpeche l goumen pou pèp la".


Mesye Gilles voye jete rapò ankèt ULCC la,  li konsidere l" kòm pasyal, yon rapò tèt anba  kap bay manti". Li di  li  fè rekou lalwa mande l  antanke sitwayen" pou bloke deriv jij la e lap fini pa ranpòte viktwa sou malfektè yo".

Konseye prezidan Gilles deklare fo eskandal sa a  gen pou  objektif pwovoke disolisyon CPT la. Doktè Gilles di li "pare pou li batay jiskobou e deklare KPT ap goumen pou fini ak ensekirite epi fè eleksyon jan sa  te defini .

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article