Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Rankont ak CARICOM, yon rankont ki mete divizyon nan mitan "Akò Montana".

Rankont ak CARICOM, yon rankont ki mete divizyon nan mitan "Akò Montana".
Publicité

Pòtoprens, Ayiti - 16  Desanm 2024-Tinouvel.com


Ayiti-Kriz Politik


Rankont ak CARICOM, yon rankont ki mete divizyon nan mitan "Akò Montana".

 

Rankont Caricom ak pati konsène  akò 3 avril 2024 te fèt lendi 16 desanm sou zoom, li te chita sou kriz  k ap souke CPT a. E  te gen anviwon karant patisipan nan reyinyon sa a. Tout sektè yo te  reprezante . Pasha Vorbe (Fanmi Lavalas), Ted Saint Dic ak Magalie C. DENIS (Montana), Claude Joseph (EDE), Renald Lubérice ak Jonas Coffy (RED), Pierre Marie Boisson ak Wilhelem Lemke (Sektè Prive), Michel André ak Marjorie Michel (21 desanm),dapre GazetteHaiti.

Gwoup politik yo   te gen 3 zè tan  pou fòmile pwopozisyon ak  soumèt yo bay CARICOM atravè Colin Granderson.Pandan sesyon sa a,pati sa  yo te  chwazi pote plent bay òganizasyon rejyonal sa a ,pris pozisyon yo, te plis chita nan atake Konsèy Prezidansyèl la,  yo akize estrikti  sa a detounen tranzisyon e yo denonse KPT a ki pa respekte misyon li,dapre RadioteleMetronome.

 

Michel André ak Pierre Mary Boisson mande pou yo ranvwaye twa konseye ki ta swadizan enpilke nan dosye BNC , pandansetan Magalie C. DENIS, Claude Joseph, André Victor, ak lòt moun defann lide pou repanse totalman  pwosesis la.Daprè Magalie Comeau Denis, vrè pwoblèm nan se pa sèlman twa konseye yo, men set tout Konsèy la ki, daprè li, vyole akò 3 avril la.Li souhete pou yo kraze KPT e  etabli yon gouvènman sovtaj nasyonal ki ta atake vrè pwoblèm peyi a, yon deklarasyon ki pa fè lòt manm  "Akò Montana" plezi.

Van divizyon ap soufle sou Montana


Nan montana se pa tout sekte ki adere ak pozisyon radikal 2 manm BSA sa yo ,kèk èdtan apre rankont la, Dunois Erick Cantave,Kowòdonatè Komite Reprezantan pou negosyasyon (KRN-Montana) ak Jean Hénold Buteau, manm KRN-Montana  mande Ki moun ki otorize Ted Saint Dic ak Magalie C. DENIS pale konsa ?


"Nou menm ki siyen an, Dunois Erick Cantave ak Jean Hénold Buteau, nou deklare  Mesye Ted Saint-Dic ak Madam Magali C. Denis pa reprezante poukont yo Akò 31 Out 2021 la /"Akò Montana".


Yo te ajoute "Nan ka sa a, yo pa ka pran okenn angajman sou non tout moun ki siyen akò a."


Nan menn nòt la yo dekalre :"Pa te gen okenn reyinyon ant siyatè yo, ni pat gen rezolisyon ki te voye delege yo nan negosyasyon sa yo.

 

Ki donk,"tout sa  yo di,yo  fè ou byen  siyen se pwòp zafè yo, pwòp responsablite yo nou te ka li nan nòt pwotestasyon an".

 

Demand Magalie Comeau pou kraze KPT angaje sèlman Ted Saint-Dic ak Madam Magali C. Denis dapre anpil obsevatè  ki denonse 2 manm BSA   sa yo ki pa janm dijere yo pa gen kontwòl   Fritz Jean ki se reprezantan Akò Montana nan KPT a .

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Dunois Erick Cantave ak Jean Hénold Buteau,Dunois Erick Cantave ak Jean Hénold Buteau,

Dunois Erick Cantave ak Jean Hénold Buteau,

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article