Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 24 desanm 2024 -Tinouvel.com
Ayiti-Ensekirite
San koule nan lopital jeneral la :omwen 2 moun mouri plizyè lezòt blese pami yo jounalis ak polisye
Tout preparasyon te fèt pou lopital Inivèsite Leta dayiti relouvri anvan Nwèl la,dapre , Doktè Duckenson Lorthe Blema,Minis Sante Piblik la te anonse lendi 23 desanm lan. Men lakou lopital te tounen yon veritab chan batay .Moun ame yo te louvri kout zam nan zòn nan pou sabote evènman an.
Gang ame nan ViV Ansamm” Jimmy Chérizier, alias Barbecue, ap dirije atake lopital jeneral nan Pòtoprens madi 24 desanm sa a, plizyè moun blese , pami yo jounalis.
Fiziyad nan etablisman an ak nan zòn anviwonnman imedya li te kreye yon gwo panik ,selon Vant bèf info omwen sèt moun te blese ak bal, pami yo jounalis ki te vin kouvri evènman sa a.Dapre Radio Televizyon Galaksi omwen yon polisye te mouri nan atak bandi te fè kont Lopital Jeneral la Madi.
Dapre jounalis Jean Junior Joseph, ki prezan sou plas, omwen yon jounalis te mouri ak anviwon senk lòt moun te pran bal nan bouch, nan vant, elatriye. Jiska 1 p.m., pa gen okenn anbilans ki te kapab rive sou plas pou transpòte blese a nan yon sant lopital.
Kantite blese yo poko presize. Nan foto ki pataje sou rezo sosyo, yo te wè twa gason kouche atè a nan lakou lopital la. E jounalis te souliyen "Journalis ak lòt pwofesyonèl medya yo te an otaj andedan lopital .
Dram nan Lopital Jeneral soulve kolè ak endiyasyon nan mitan popilasyon ki te kritike lapolis ki pat mete yon perimèt sekirite pou anpeche bandi yo atake epi pwoteje ofisyèl, jounalis ak envite ki te sou plas yo.
Anpil moun ap mande kòman bandi Viv ansanm ap pale de revolisyon le yo ap atake e detwi byen pwòp moun yo di yap defanm yo ,popilasyon vilnerab ki tap ak anpil espwa re-ouvèti Lopital Jeneral la .Pou anpil obsèvatè, tout moun yon fason kou yon lot kap sipòte gwoup ame sa yo se konplis pasif ou aktif tout krim, tout dezòd ak zak teyoris yo fè.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com