Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk ,Etazini -8 desanm 2024 -Tinouvel.com
"Twòp lavi ap gaspiye ": Donald Trump mande pou yon "sesefe imedya" nan Ikrèn
Tinouvel ak AFP
Yon jou apre rankont li ak Vladimir Zelensky nan Elize a, prezidan eli Etazini an asire lidè Ikrenyen a "ta renmen konkli yon akò" pou fini ak lagè a.
Donald Trump te mande dimanch 8 desanm sa a pou yon "sesefe imedya" nan Ikrèn ak negosyasyon, li te ekri sou platfòm Sosyal li a Truth.
"Kout zam ta dwe sispann tire imedyatman e negosyasyon yo ta dwe kòmanse. Twòp lavi pèdi pou gremesi, twòp fanmi yo te detwi, e si sa a kontinye li ta ka tounen yon bagay ki pi gwo, ak pi mal, "li te ekri, afime Ikrèn pèdi yon fason "ridikil" 400,000 twoup "plis anpil sivil".
Li te ajoute toujou: "Mwen konnen Vladimir byen. Se tan pou li aji. Lachin ka ede. Mond ap tann!"
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com