Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

A ki sa 100 premye jou Prezidan Donald Trump pral sanble

A ki sa 100 premye jou Prezidan Donald Trump pral sanble

Washington,Etazini , 21 janvye 2025 -Tinouvel.com


A ki sa 100 premye jou Prezidan Donald Trump pral sanble


Donald Trump vin ofisyèlman 47yèm Prezidan Etazini. Retou li nan Mezon Blanch lan pral akonpaye ak politik depòtasyon masiv, atak sou moun transganr ak lagè komèsyal.


Nan pwochen 24 a 48 èdtan yo, li posib pou Prezidan D. Trump pran ant 100 ak 200 dekrè ki pral pwofondman chanje figi USA a. Objektif dekrè sa yo se pou  pran lòt peyi yo de vitès epi pran byen vit inisyativ pou ranfòse  baz MAGA a .Li di dekrè gen pou bi retabli libète lapawòl epi mete fen nan pratik sansur gouvènman federal te mete sou pye ak fini ak militarizasyon gouvènman federal la.

Imigrasyon: Trump te adopte plizyè  dekrè ki gen rapò ak imigrasyon.

Prezidan Trump pase Depatman Sekirite Enteryè  lòd pou fini ak program Parole la, sa Ayisyen yo rele Program Biden nan ki te youn nan de gwo chemen legal administrasyon Biden te mete an plas pou eseye dekouraje imigran yo pou yo rantre  nan peyi a ilegalman .Pwogram nan, yo te rele libète imanitè te derape nan kòmansman ane 2023, te pèmèt imigran ki soti Kiba, Nikaragwa, Ayiti ak Venezyela pou rantre Ozetazini si yo te gen yon patwonaj finansye epi yo te pase chèk sekirite. Migran ki te antre nan pwogram nan te kapab rete pou jiska dezan, sof si yo jwenn lòt fason pou yo rete alontèm.


Nan fen ane pase a, plis pase 500,000 imigran te antre nan peyi a atravè inisyativ la.

Administrasyon Trump la te deja deside pi bonè Lendi pou fèmen lòt pwogram CBP ONE ,yon aplikasyon gouvènman an ki te pèmèt imigran yo pran randevou pou antre nan peyi a nan pò legal ki nan fwontyè meksis yo epi fè demad Azil.


Li siyen yon dekrè pou retire dwa di sòl pou  timoun ki fèt Ozetazini ak paran ki iregilye Ozetazini  e li tou fini ak rekonesans sitwayènte otomatik dwa nesans lan .

Prezidan Trump te deklare eta dijans nasyonal nan fwontyè Etazini ak Meksik nan yon dekrè li siyen Lendi, ki pèmèt li inilateralman debloke finansman federal pou konstriksyon mi nan  fwontyè a ak potansyèlman deplwaye militè a ak Gad Nasyonal sou fwontyè a.

Li te  Retabli politik "Rete  Meksik" ki te aplike pandan kriz Covid la sou D. Trump,"Tit 42"  retounen. Sa   pèmèt yo ekspilse  pi vit  imigran ki pa gen viza ki sou fwontyè Meksik, pami yo moun k ap chèche azil, men ki pa la pou rezon sante piblik.
Li kanpe pwogram relokalize  refijye yo pou omwen kat mwa ak Reyajman pwogram admisyon refijye Etazini

Yon kanpay depòtasyon masiv pral lakòz yon chòk ekonomik. Tout sektè nan ekonomi an ki anplwaye popilasyon sa yo pral deranje, sitou sektè agrikòl la. Sa a ka mennen nan enflasyon nan pri manje.

Balewouze  nan ansyen administrasyon Biden

Yon eleman enpòtan nan "Pwojè 2025 la" nouvo administrasyon pral atake  enstitisyon Demokrat yo ak moun ki ta ka opoze yon fòm nan rezistans nan pwojè  MAGA.Li pral ranm ansyen ofisyèl gouvènman yo responsab enjerans  elektoral  ak divilgasyon enfòmasyon sansib gouvènman an,


Li Revoke 78 dekrè  administrasyon Biden


Mesye Trump te siyen tou dekrè ki te òdone travayè federal yo tounen travay  nan biwo yo.Li entèdi travay elwaye pou anplwaye federal yo.

 

Minorite seksyèl


D. Trump vize patikilyèman    moun transganr . Li vle mete yo deyò nan lame a ak nan edikasyon nasyonal la. Nan pèspektiv Gee gason, li vle tou anpeche gason patisipe nan espò yo konsidere ki rezève pou fanm.


DEI ak Idantite Sèks: Prezidan an te siyen yon dekrè pou  feni ak pwogram divèsite, ekite ak enklizyon nan gouvènman federal la, epitou li te etabli yon politik ki rekonèt sèks byolojik moun olye  idantite sèks yo eksprime.

Lagè Komèsyal

D. Trump te miltipliye anpil menas pou anèkse Kanada. Yon fwa nan pouvwa a, li  te deklare Lendi swa panadan lap  soti nan Mezon Blanch lan  li pral mete tarif  yo a  25% sou enpòtasyon soti nan Kanada ak Meksik an Fevriye. Se pral gen yon politik ladwàn agresif .


Li pral mande ajans federal yo analize pratik komès federal ak politik ak Lachin ak alye Amerik di Nò yo, li di li pa pare pou avanse pou pi devan ak tarif inivèsèl sou machandiz atravè mond lan.
Lachin.


Menm politik la pou ogmante dwa  ladwàn sou pwodwi ki soti nan Lachin pral aplike. Sa a se yon pati nan yon konfwontasyon ant Washington ak Beijing .


Sa ap mennen nan yon ogmantasyon nan pri yo ak Se poutèt sa yon tonbe nan pouvwa a achte Ameriken yo.


Li mande Depatman Jistis la pou li pa aplike entèdiksyon TikTok la pou 90 jou.Yon ekstansyon 75 jou pou TikTok anvan yon entèdiksyon potansyèl. Li pral aplike  Lalwa pou Pwoteje Ameriken kont Aplikasyon Advèsè Etranje li yo Kontwole nan TikTok

 

Enèji ak Klima: 



Prezidan an te deklare yon eta dijans enèji nasyonal e siyen dekre pou retire Etazini nan akò klima Pari a epi li te revoke plizyè dekre ki gen rapò ak efò administrasyon anvan an te fè pou konbat chanjman nan klima. 

Li pral eksplwate  potansyèl resous ekstraòdinè Alaska


Abolisyon restriksyon sou foraj petwòl


Yon aksyon ki pral pèmèt gouvènman federal la diminye egzijans pèmi pou pwojè enèji, konstriksyon rapid izin elektrik ak debloke lwa  sou ekspòtasyon gaz fosil yo.

 

Atake akò entènasyonal yo


Li retire Etazini  nan Òganizasyon Mondyal Lasante

Li siyen pou retire peyi a nan OMS


JISTIS


Deziyasyon kèk katèl dwòg kòm òganizasyon teworis etranje


Retablisman pèn lanmò nan nivo federal pou sèten krim


Padone anviwon 1,500 moun ki te akize pou revòlt 6 janvye 2021 la nan Kapitòl la.Trump te endike Lendi  li te akòde padon konplè a prèske tout akize ki enplike nan Jan. 6, 2021, atak sou Kapitòl la ak diminye pen pou sis.


Etabli ak aplike "Depatman Efikasite Gouvènman" Prezidan an DOGE 


Li te siyen yon dekre ki kreye Depatman EfikasiteGouvènman .E. Musk, nan tèt DOGE, ap gen pou l ranpli misyon sa a. Objektif la: diminye depans gouvènman an nan vize moun ki ta ka opoze nouvo vizyon sa a nan Amerik la. Nan diskou Trump di li deklare lagè kont "Leta pwofon" .


Li te bay tou yon lòd pou jele travay nan sèvis sivil federal la (eksepte eksepsyon)ansanm ak yon lòd pou mande travayè ki nan branch egzekitif la sispann travay laky yo .

 

Retabli non ki onore grandè Ameriken

Chanje non kèk  sit: Trump planifye pou chanje non Gòlf Meksik la ak Denali. Gòlf Meksik la pral chanje non li pral rele Gòlf Amerik la, Montay Denali nan Alaska pral rete Montay McKinley

 

Anpil obsevatè panse nan premye dekrè sa yo gen aksyon danjere tankou retire peyi a nan OMS ak akò entènasyonal sou anviwònman   menn lè nouvo administrasyon di se Amerik lap mete  an premye .Genyen  ki kwè dekrè sa yo pral divize plis lamerik plis toujou .

 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article