Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 14 janvye 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Ensekirite: Magalie Habitant chante tankou yon rosiyòl
Anpil nan nou ka konn tande ou byen li ekspresyon "chante tankou yon rosiyòl", yon rosiyòl pou moun ki pa konnen se yon ti zwazo ki chante tout la senn jounen a nenpòt ki lè lajounen kou nan nwit e kontrèman ak Magalie Habitant kay yon rosiyòl chante se yon art men kay Magalie se yon defo pou denonse zanmi li yo ki gen relasyon ak gang e ki nan aktivite kriminèl .
Nan DCPJ, Magalie Habitant apre arestasyon li 9 janvye a,ta fè anpil revelasyon devan anketè DCPJ yo .Dapre prezidan KPT a Leslie Voltaire, Magalie Habitant chante anpil, li ta chante tankou yon rosiyòl e si se pa plis menn.
“Mwen gen enpresyon Magalie Habitant ap chante. "Petèt y ap arete lòt moun," Leslie Voltaire te deklare dimanch 12 janvye 2025 nan yon entèvyou ak radyo Magik 9.
Nan yon twit Radiotele Galaxie ekri Magalie Habitant pale, depale, denonse ak kolabore. Se denonsiyasyon li yo ki pèmèt arestasyon dimanch 12 janvye 2025, nan apremidi, ansyen depite tirivyè latibonit Boukliye/PHTK Profane Victor, e gen lòt lapolis ap chache pou wòl yo jwe nan tabli ensekirite nan peyi a.
Se nan telefòn Magalie Habitant anrejistre tout chante li yo ,se yon disk dò nan zafè revelasyon , nan telefòn yo jwen anpil revelasyon sou fonksyonman gang yo, sou evantyèl komanditè ak moun kap finanse gang yo.
Yon rosiyòl chante pou make teritwa li, magalie chante pou denonse "moun" li yo
Selilè ki nan men anketè yo menn dekouvri yon relasyon amourèz li ak yon kandida a la prezidans nan eleksyon 2015, dapre animatè emisyon" Se sa nou Roody Thomas Sanon" ,san li pa site non lidè politik s a a.
Selilè telefon se yon min lò ki boure ak enfomasyon konfidansyel e kap founi anketè DCPJ yo tout kalite enfomsyon, li montre wol entemedyè Magalie Habitant jwe ant Chèf gang viv ansanm ak finanse gang yo , mesaj sa a se youn nan egzanp yo :"cheri ,kòb la tonbe map pote l pou ou,dapre mesye Sanon.
"Magalie Habitant chante tout kote
An novanm 2024,ansyen Direktè Jeneral SNGRS ak Avoka li te fè anpil revelasyon bay RNDDH sou fonksyonman gang yo, sou lajan gang yo ,kote yo soti e ki gwoup politik kap alimante gang sa yo nan zam ak minisyon,dapre deklarasyon Pierre Espérance sou Magik 9.
Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) te prezante lendi 14 janvye foto ofisyèl (Mugoshot) ansyen direktè jeneral Sèvis Nasyonal Jesyon Fatra Solid (SNGRS), Magalie Habitant, anndan DCPJ . Dapre PNH , yo te arete Madanm Habitant pou asosyasyon kriminèl ak finansman gang ame.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com