Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 12 janvye 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Ensekirite: Prophane Victor anba kòd mennjan ak Magalie Habitant
Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) arete ansyen depite Petite-Rivière de l'Artibonite, Prophane Victor. Dapre pòtpawòl adjwen lapolis Lionel Lazarre, Ajan DCPJ yo te al fouye kay li nan Vivy Mitchell,selon GazetteHaiti.
Arestasyon sa a fèt nan kad yon ankèt sou swadizan lyen Magalie Habitant, ansyen direktè jeneral SNGRS ta genyen ak gang ame kowalisyon VIV ANSANM yo. Kou Siperyè Oditè ak jesyon administratif te bay yon aret negatif sou jesyon Magalie Habitant nan SNGRS .
Ofis Kontwòl Byen Etranje (OFAC) nan Depatman Trezò Ameriken te sanksyone ansyen depite Prophane Victor depi 25 septanm 2024, apre sa se te Kanada ak Nasyonzini, yo te akize l tap sipòte aktivman gang ame ann Ayiti. Dapre Biwo Kontwòl Byen Etranje (OFAC), li ta patisipe nan finansman ak fasilite aktivite kriminèl, tankou trafik dwòg ak vyolans toupatou. Non li parèt sou lis sanksyon Nasyonzini an, ki mete aksan sou wòl li nan destabilizasyon peyi a. Dapre Depatman Trezò Ameriken an, li te itilize enfliyans politik li pou ranfòse rezo kriminèl li yo.
Direktè Jeneral Lapolis la, Normil Rameau, te prezan nan pandan operasyon an,dapreGazetteHaiti .
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com