Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ayiti-Politik : Lè EDE  Kolektif 30 janvye,  ak akò 21 desanm tap tante  legalize ak lejitime gwoup kriminèl "Viv Ansanm

Claude Joseph EDE ak Jimmy Cherizier, alyas "Barbecue"

Claude Joseph EDE ak Jimmy Cherizier, alyas "Barbecue"

Pòtoprens,Ayiti, 15 janvye 2025 -Tinouvel.com

 

Ayiti-Politik : Lè EDE  Kolektif 30 janvye,  ak akò 21 desanm tap tante  legalize ak lejitime gwoup kriminèl "Viv Ansanm


Tout bagay te kòmanse nan debi mwa janvye lè bridsoukou  Jimmy Cherizier, alyas "Barbecue", te anonse 2 janvye 2025 kowalisyon kriminèl "Viv Ansanm" ofisyèlman e piblikman  tounen yon pati politik.

 

Deklarasyon sa a te make yon etap enpòtan nan yon plan makab kèk politisyen genyen  pou Ayiti.Anba anba  alye objektif  òganizasyon sa a te deja ap  fè mannèv  pou rantre yo nan echikye politik la.

 

Politisyen ayisyen nan   EDE  Kolektif 30 janvye,  ak akò 21 desanm  voye yon dokiman 9 paj  bay CARICOM,dokiman yo rele "Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon : Kriz ak pwopozisyon pou sòti nan kriz la, ",nan paj 7 Dokiman twa sektè sa a yo ekri  nan youn nan senaryo sòti kriz", yo fè referans ak kowalisyon "Viv ansanm" kòm youn nan aktè politik ki mande pou ranplase CPT   e nonmen yon jij nan Lakou Kasasyon pou prezide tranzisyon an akote  2 lòt manm.Nan dokiman sa a,  Claude Joseph EDE, Agwonòm Jean Andre Victor  Akò 30 Janvye, Sorel Yacinth nan Akò 21 Desanm   te siyen an pa janm di kowalisyon "Viv ansanm" se yon gwoup kriminèl kap vyole epi touye popilasyon an.

Pa di  kowalisyon G9 "Viv ansanm" Jimmy Cherizier, alyas "Barbecue", ap dirije  se yon gang kriminèl ou menn teworis pou òganizsyon dwa moun ann Ayiti   se pa yon senp oubli oubyen yon ak izole men se yon pretèks, yon estrateji pati politik sa yo fè pou konbine aktivite kriminèl G9 ak aksyon politik li .

 

Claude Joseph , Agwonòm Jean Andre Victor , Sorel Yacinthe ak tout lòt manm  nan 3 platfòm politik sa yo vle òganizasyon kriminèl Viv ansanm genyen  yon patisipasyon nan lavi politik la , pandan G9 ap kontinye  menmen aktivite kriminèl yo menn G9 sa a ap gen pou chwazi manm pa yo pou patisipe nan diskisyon ak CARICOM, chwazi moun nan  tranzisyon an, prezante kandida pou eleksyon, patisipe nan kowalisyon politik  sipòte kòz popilè pou prezante tèt li kòm yon aktè politik lejitim.

 

Twa  nan nèf antite ki fòme CPT tankou Pati politik EDE, siyatè akò 21 desanm ak Kolektif 30 janvye,OPL,UNIR  vle   Jimmy Cherizier, alyas "Barbecue" suivi eskperyans Pablo Escobar ki  te byen pwofite fomil ak 2 tèt sa a , melanje trafik dwòg ak devlopman sou plan sosyal nan Medellin ak entegrasyon nan lavi politik Kolonbyen.Pablo Escobar te eli kòm depite adjwen nan palman Kolonbyen an an 1982, men eleksyon li te anile akòz finansman ilegal kanpay li.


EDE, siyatè akò 21 desanm ak Kolektif 30 janvye, Pitit Dessalines  bliye esansyèl la kowalisyon Viv ansanm antanke òganizasyon kriminèl yo se antite ilegal ki gen objektif ki kontrè ak lalwa ak lòd piblik. 


Pwopozisyon inapsektab  EDE , PHTK pou legalize  kolektif kriminèl "Viv Ansanm" lan tankou yon pati politik , se yon menas pou la Repiblik ,dapre Prezidan KPT a Leslie Voltaire ki ajoute pi lwen se "yon desizyon ki trayi memwa viktim yo epi afebli souverènte nou". 


Lejitimize ak legalize òganizasyon kriminèl   "Viv Ansanm" kòm yon pati politik  se yon senaryo danjere  anpil e li soulve kontwovès ,deba, kritik  ak diskisyon nan sosyete a gen obsèvatè ki kwè lajistis dwe mete aksyon piblik kont politisyen yo kalifye kriminèl .

Gen lòt moun ki panse siyatè  tankou  Liné Balthazar, Claude Joseph, André Michel lajistis  dwe akize yo nan asosyasyon mal fektè .


Twa kolektiv sa yo EDE, siyatè akò 21 desanm ak Kolektif 30 janvye pap rive rann òganizasyon kriminèl la lejitim nan je lalwa ak devan kominote entènasyonal la. Okontrè, tantativ pou  manipile ak twonpe ayisyen yo pa mache , yo tou senplman "tire tèt yo ak yon bal nan pye" e yon move desizyon sa a  pral gen konsekans negatif sou lavni yo kòm pati politik ,men Ayiti politisyen se rat do kale.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

André Michel, Liné Balthazar,  Sorel Yacinthe .Jean Andre Victor ,
André Michel, Liné Balthazar,  Sorel Yacinthe .Jean Andre Victor ,
André Michel, Liné Balthazar,  Sorel Yacinthe .Jean Andre Victor ,
André Michel, Liné Balthazar,  Sorel Yacinthe .Jean Andre Victor ,

André Michel, Liné Balthazar, Sorel Yacinthe .Jean Andre Victor ,

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article