Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 2 janvye 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Resritisyon ak reparasyon
Ayiti reklame pou la Frans ranbouse dèt endepandans lan
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Ayiti a, Leslie Voltaire,retounen nan aktyalite kesyon Lafrans dwe ranbouse dèt kolonyal la.Yon demanm ki te lakòz la frans te konplote ak elit ekonomik ak entèlijansya ayisyen pou te ranvèse Jean Bertrand Aristide.
1ye janvye 2025, nan okazyon selebrasyon 221yèm anivèsè endepandans Ayiti a,Leslie Voltaire te repete menn demann lan Lafrans dwe pwye sòm lajan li te pran nan Ayiti .
Pou rekonèt ak valide endepandans Ayiti te genyen ak zam nan men an 1804, Lafrans te retounen nan zile a an 1824 ak yon gwo detachman militè ak bato de gè. Wa Charles X te egzije yon gwo ranson an echanj pou rekonesans endepandans lan.Li te mande pou jèn nasyon peye 150 milyon fran lò an 1825 e la Frans te vinn redui a 90 milyon fran lò nan 1838 e peyman dèt sa a te dire prèske yon syèk (jiska 1947).
Se nan kontèks prezidan Konsèy Prezidansyèl Ayiti deklare :“Enjistis envizib sa a konstitye yon maleng ki kontinye ante memwa nou.E malerezman, peman ranson sa yo te kontribiye nan konpwomèt siyifikativman devlopman jèn nasyon an”.
Yon okasyon pou li voye "yon mesaj klè bay diferan pèp sou planèt la".
Konsènan restitisyon dèt endepandans yo rele "double dèt la", Prezidan Voltaire pa mezire pawòl li yo. “Ayiti mande pou ranbouse ranson sa a ak reparasyon pou tout mal esklavaj la te koze a,e yo finalman rekonèt depi plizyè ane kòm yon krim kont limanite.
Sa vle di, se pa yon senp revandikasyon men se yon nesesite pou nasyon nou an ka jwenn chemen pwosperite ak respè,” te egzijw prezidan CPT la, e li tou envite asosyasyon yo, òganizasyon entènasyonal yo, atis atravè vwa yo ak angajman pou yo fè tande demann sa a.
"Lè a rive pou nou reekri istwa ekonomik nou menm jan zansèt nou yo te ekri istwa libète nou an," li te ensiste.
Pandan bisantnè endepandans Ayiti (1804-2004),Prezidan Jean Bertrand Aristide te egzije La frans remèt dèt endepandans ki te estime lè sa ak $ 21.7 milya dola apre kalkil ekonomis ak istoryen te sipòte .Pou 200 anivèsè chantaj sa a demann sa a rete enpòtan jodi a paske li poze kesyon fondamantal restitisyon ak reparasyon pou enjistis istorik kolonyal yo.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com