Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 3 janvye 2025 -Tinouvel.com
"Bon Konba ,Manman AYITI"
Mwen te etone tande yon nyès pa layans kap viv ann Ayati swete m premye janvye bon konba tonton Ronald mwen sezi paske se pa yon jèn ki politize e mwen eksprime sezisman an 2mo: "ki sa ", ak yon ti souri inosan lI di m kòm ou laba map swete ou sante dolarite paske ann Ayiti yo se Bon konba yo di kounye a.
Fraz "Bon Konba" pou salitasyon Nouvèl Ane an Ayiti se pa yon tradisyon tijoudlan nan tan lontan yo te ka oze repete devan yon grandèt, men itilizasyon li kòm swè pou Nouvèl Ane a se yon fenomèn ki pi resan.
Dapre kèk sous, itilizasyon "Bon Konba" kòm swè pou Nouvèl Ane an Ayiti remonte nan fon ane 2000 yo. Li posib se pèsonalite politik ayisyen, ou atis ak moun nan medya ki ta popilarize ekspresyon "Bon konba" yo konn itilize li pou swete ayisyen yo yon bòn ane. Apre yon tan, ekspresyon an vin tounen yon swè ala mòd ann Ayiti, sitou sou rezo sosyal yo ak nan mesaj salitasyon yo.
Mizik adorasyon Jean-Yonel Numa " Yon Konba Ret Yon Konba "ki te anvòg 2021 sou radio ann Ayiti ka jwe yon wòl enpòtan nan entegre nan memwa kolektif ayisyen.Men Li menn li tire nan sa Pòl te ekri nan 1 Timote 6:12 nou dwe “konbat bon konba lafwa a”. Konbat bon konbat lafwa a vle di pou kretyen yo pou kontinye obeyi Pawòl Bondye a avèk lafwa, kèlkeswa sa nou santi, panse oswa konprann.
"Bon konba" kòm swè se yon ekspresyon ki gen yon sans pwofon pou pèp ayisyen an. Li lye ak istwa ak idantite nasyonal Ayiti.Li difisil pou detèmine egzakteman ki lè ak ki jan tradisyon sa a te kòmanse mennsi ou te ka jwenn yon granmoun di li nan monan pou sipòte yon fanmi ou yon zanmi kap travèse yon move pas.Ou nan "Konba pitit ,Bon konba".
Men ki sa bon konba vle di?
Tèm "Bon konba" pa vle di se yon vyolans gratis, avèg men pito yon batay nòb ak lejitim pou dwa, jistis ak pwogrè sosyal.
Lè Ayisyen di "Bon Konba", y ap fè referans ak batay pou libète, endepandans ak souverènte. Se yon ekspresyon ki evoke kouraj, detèminasyon pèp ayisyen pou fè fas ak advèsite.
Jodi a, yo itilize "Bon konba" pou ankouraje ak sipòte efò moun k ap goumen pou jistis,koriksyon, egalite ak diyite. Se yon ekspresyon ki raple Ayisyen istwa ak eritaj yo, e ki ankouraje yo kontinye goumen pou yon pi bon avni.
An rezime, “Bon konba” se yon ekspresyon ki enkòpore lespri rezistans ak lit pèp ayisyen an, e ki kontinye enspire ak motive Ayisyen jodi a.
Li enpòtan pou remake itilizasyon "Bon konba" kòm yon souwè pou Nouvèl Ane an Ayiti se yon ekspresyon fyète ayisyen ak idantite nasyonal, e li souvan akonpaye ak lòt ekspresyon ak senbòl ki selebre istwa ak kilti ayisyen an.
Bon konba Ayiti, Bon konba Kamarad ak Fanmi nou yo.
Viktwa final se pou nou li
ye
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com