Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Broward County, FLorid, 9 janvye 2025 -Tinouvel.com
CASIMIR, JEAN ROBERT anba kòd nan Florid pou trafik zam afe
Lapolis nan Broward County, Florid arete 18 desanm 2024 Jean Robert Casimir, yon ansyen polisye ayisyen.Biwo machal Broward County, Florid akize li nan kontrebanm zam afe e yo deside pou yo pa lage sou kosyon.
Jean Robert Casimir gen 52 zan e yon sitwayen ayisyen natiralize ameriken epi ap dirije yon konpayi sekirite prive an Ayiti.
Dapre jounal an liy metronomehaiti gen yon rapò Depatman Sekirite Enteryè Etazini an,ki di ant oktòb 2021 ak me 2024 Casimir ta fè rantre nan kontrebann plis pase 87 zam afe divès kalib ann Ayiti.
Envestigatè yo toujou dapre jounal la te dekouvri nan telefòn li yo gwo echanj ak plis pase twa moun ann Ayiti, ki gen rapò ak trafik zam. Envestigatè yo ,toujou dapre jounal la , pa devwale idantite konplis li yo ann Ayiti, mesaj yo montre Casimir te fè pati yon gwo rezo ki enplike moun ki enfliyan nan peyi a.
Ankèt la montre li te kache zam yo nan divès objè, tankou kawotchou, epi se sou pò Miragoâne bato yo te rive .
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com