Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 9 janvye 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Ensekirite
Chèf gang Micanor fèmen waf Pòtoprens lan
Caribbean Port Services (CPS), prensipal operatè pò Pòtoprens, te oblije kanpe aktivite li 9 janvye anba presyon chèf gang Wharf Jérémie, Micanor, dapre yon sous jounal Le Nouvelliste .
Operasyon yo te rekòmanse nan mwa Novanm 2024 apre yo te fèmen plis pase yon mwa pou koz kidnapin de manm ekipaj yon bato nan Bè Pòtoprens lan nan mwa Oktòb e bandi yo te tire tou sou enstalasyon pò yo.
Chèf gang Micanor, ki kontwole zòn waf Pòtoprens tounen nan aktyalite a apre masak Waf Jérémi a nan fen ane 2024. Li te bay lòd pou egzekite plis pase 200 moun k ap viv nan vwazinaj pò a.
Sous Le Nouvelliste
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com