Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Caracas ,Venezyela - 10 janvye 2025 -Tinouvel.com
EFEEFE
Envestiti Nicolas Maduro kòm prezidan Venezyela pou peryòd 2025-2031.
Lidè chavis Nicolás Maduro te prete sèman vandredi sa a kòm prezidan Venezyela, pou peryòd 2025-2031, devan Asanble Nasyonal la (AN, Palman an),pati sou pouvwa a ap kontwole , malgre opozisyon ap plenyen e ki di se poulen yo Edmundo González Urrutia ta genyen eleksyon jiyè pase yo.
"Mwen sèmante nan non pèp istorik, nòb ak vanyan gason nan Venezyela e devan Konstitisyon sa a, mwen pral aplike tout atik li yo, mwen inogire nouvo peryòd lapè, pwosperite ak nouvo demokrasi," prezidan an te di devan prezidan Palman an ,Chavis Jorge Rodriguez.
Maduro te rive nan Palman an nan Caracas akonpaye pa premye dam lan, Cilia Flores, vis prezidan egzekitif la, Delcy Rodríguez, ak prezidan AN, Chavis Jorge Rodríguez.
Lè yo te antre nan Palman an, cadet ki soti nan Akademi Militè a te rann yon bel omaj a Maduro ak konpayon li yo.
Seremoni an te make ak absans pifò prezidan Sid Ameriken yo e pami envite kite la nou jwenn prezidan Kiben an, Miguel Díaz-Canel, ansanm ak Chanselye Bolivi a, Celinda Sosa.
Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE)te pwoklame Lidè Chavis genyen eleksyon prezidansyèl 28 jiyè san yo pa te pibliye rezilta akòz opozisyon nan Venezyela, ki gwoupe nan Platfòm Demokratik Ini (PUD) te konteste rezilta yo.
Ansyen anbasadè a, González Urrutia a, prezidan otopwoklame opozisyon ak kominote entenasyonal ap fè yon toune plizyè peyi nan Amerik yo, ap repete toutan li ta gen pou prete sèman kòm prezidan, alòske Minis Defans lan Vladimir Padrino Lopez te repete plizyè repriz lwayote li ak fòs lame a ak Maduro.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com