Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Evèk Mariann Edgar Budde mande Trump pou li konpasyon ak mizèrikòd pou imigran yo.

Evèk Mariann Edgar Budde mande Trump pou li konpasyon ak mizèrikòd pou imigran yo.

videyo revean Mariann Edgar Budde kap kase mete nan Prezidan Trump

Washington,Etazini , 21 janvye 2025 -Tinouvel.com

 

Evèk Mariann Edgar Budde mande Trump pou li konpasyon ak mizèrikòd pou imigran yo.

 

Prezidan  Donald Trump ak Vis Prezidan Vance te asiste madi sa a nan yon sèvis lapriyè nasyonal nan Katedral Nasyonal  nan Washington DC.Anpil moun sezi tande prèch  Evèk Mariann Edgar Budde ki pa sere dlo nan bouch li pou defanm imigran yo ki pral sibi anpil primad anba nouvèl administrasyon sa a .

 

Evèk Budde sipliye pou Prezidan Trump gen pitye pou imigran ki pè pou yo pa separe yo ak fanmi yo pandan li ap planifye  depòtasyon an mas imigran ilegal yo.

 

Evèk Mariann Edgar Budde nan boul figi Donald Trump pandan prèch la nan Katedral la ankouraje l pou jwenn  jwenn konpasyon ak mizèrikòd.

 

Sa a se dènye bagay Trump te espere tande jodi a...

 

Li pale pou  L.G.B.T.Q. (moun masimadi ) ak imigran  yon fason pou l kritike  strateji prezidan an  pou stope imigrasyon ilegal ak demante l pwoteksyon federal pou moun transganr.

 

Evèk Mariann Edgar Budde,  te lanse  yon apèl dirèk bay Prezidan Trump pou l mande pitye nan non imigran yo ak L.G.B.T.Q. 

"Mwen mande w pou w gen pitye pou moun ki pè nan peyi nou an. Gen timoun masisi, madivin, timoun transganr, fanmi Demokratik, Repibliken, fanmi endepandan - kèk moun ki pè pou lavi yo," Reveran an te di pandan Trump te chita nan legliz la.

 

Li te di dè milyon de Ameriken "mete konfyans yo nan ou."

 

"Moun ki ranmase rekòt nou yo ak netwaye  biwo nou yo, ki travay nan fèm bèt volay ak plant , ki nan anbalaj vyann yo, ki lave asyèt yo apre nou fin manje nan restoran ak travay  lannwit nan lopital yo yo ka pa sitwayen oswa yo pa gen dokiman apwopriye, men vas majorite imigran yo pa kriminèl," li te ajoute.

 

Li te voye jete tout vye pawòl   Repibliken yo ap di sou imigran yo, li te di travayè sa yo "peye taks" epi yo se "manm fidèl" legliz, moske, sinagòg  Ameriken yo.


Li te fè apèl ak  senpati Trump manke, li te di  pitit imigran sa yo "pè pou yo pran paran yo."

 

"Jwenn yon ti kal konpasyon," li te ajoute, li mande l pou ede moun vilnerab yo kap sove kite  zòn lagè ak pèsekisyon ,yon gwo demann pou yon nonm ki montre li anti refijye,dapre kèk obsevatè .


Evèk la te deklare inite egzije onètete, imilite ak rekonesans nan diyite tout moun nan "refize pase yo nan  betiz , souzestime yo  oswa demounize yo."


"Mwen mande w gen pitye, Mesye Prezidan," li te di, li ajoute: "Nou tout te yon fwa te etranje nan peyi sa a."


Mesye Trump pa t sanble renemen pawòl ki tap pale nan sèvis la. Mesaj kòporèl yo te montre yo pat alèz ak pawòl ki tap di yo.Mesye Trump te gade anba. Vis Prezidan J.D. Vance, chita toupre, leve sousi l.


Prezidan Trump apre Sèvis Lapriyè Nasyonal la  te di repòtè yo  li "pa twò enteresan."


"Mwen pa t panse se te yon bon sèvis. Non..."Yo te kapab fè pi byen," li te ajoute, aparamman lap fè referans  a òganizatè sèvis la.

Bishop Budde gen 65 lane, se premye fanm ki sèvi kòm gid espirityèl nan legliz Episkopal Dyosèz Washington, epi li te dirije dyosèz la depi 2011.


Sous New York Times
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.c
om

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article