Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 14 janvye 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Kilti
Kreyasyon yon Kolektif Ayisyen AfwoDesandan ann Ayiti
18 novanm 2024, plizyè òganizasyon ak pèsonalite ayisyen, an Ayiti e nan dyaspora a, te reyini pou kreye yon òganizasyon tounèf ki rele KOLEKTIF AYITI AFWOSDESANSAN (KAAD).
Kolektif sa a se rezilta patisipasyon yon gwoup fanm ak gason ayisyen nan Twazyèm Fowòm Afwodesandan Loni te òganize nan Genèv sou batay afwodesandan nan dat 16 pou rive 19 avril 2024; se te okazyon tou pou relanse deba sou koze dèt la dapre yon nòt pou laprès kolektif te mete deyò madi 14 janvye a.
Misyon KAAD se ranfòse prezans Ayiti nan batay mondyal desandan Afro yo, pou jistis ak reparasyon konsènan dèt Lafrans enpoze sou Ayiti apre endepandans li.
Nan nòt sa a kolektif afime se yo "menm ki t al ajite pawòl reparasyon pou Ayiti nan fowòm Genèv la". "Se entèvansyon konpatriyòt nou yo ki tap pral favorize relanse deba sou dèt peyi Lafrans te fè Ayiti peye a", nou te li nan kominike nimewo 1 ganizòsyon sa a .
“Kolektif Ayisyen Afwodesandan” di yo gen yon gran pwojè ki chita sou 2 potomitan, youn se" Kontribye nan travay edikasyon k ap ede tout ayisyen konnen byen istwa dèt sa a". E "devlope ak yo kapasite pou yo rantre nan batay pou Reparasyon ak Jistis la kòrèkteman; epi patisipe nan makonen batay ayisyen yo ak batay tout afwodesansan yo ap mennen kont tout fòm prejije ak rasis yo ap sibi mond lan".
Daprè nòt pou laprès, "Kolektif Ayisyen Afwodesandan an pa senpleman yon estrikti pou refleksyon, men se yon antite ki detèmine pou aji: "Nou vle bay Ayiti yon vwa fò e kredib nan batay sa a. Li la pou " reyafime wòl istorik nou an favè jistis, pandan y ap konsolide efò yo ak sa ki nan Afrodesandan nan mond lan. "
Nouvo komite direksyon òganizasyon an konpoze ak Dr Jemima Pierre sekretè jeneral, Rodolphe Mathurin, kowòdonatè ,Yrvy Frenel trezorye, Monique Clesca pòtpawòl, ak Dr Marie E. Lemy responsab kominikasyon.
Selon diksyonè franse yo afrodesandan se yon moun ki fè pati dyaspora Afriken an oswa ki gen zansèt Afriken , men pou nasyon Afrodesandan tèm sa fè referans a desandan pèp ki: ak/oswa te sibi diskriminasyon rasyal akòz lyen yo te pèdi yon tikras ou byen yo pèdi nèt tout lyen ak idantite orijinal yo.
Afro-desandan nan Amerik Latin ak Karayib la reprezante apeprè 150 milyon abitan, ki ekivalan a yon tyè nan popilasyon total mond lan,dapre Afrik.com
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com