Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 10 janvye 2025 -Tinouvel.com
Magalie Habitant anba kòd pou prezime koneksyon l ak gang kriminèl
Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) arete ansyèn Direktris Sngrs la Magalie Habitant ak chofè li Lener Jean Phillipe Jedi 9 janvye 2025 la nan Laboule. Aktivis politk pwòch PHTK a , Magalie Habitant te pase premye nwit li nan gad avi nan DCPJ.
Daprè yon sous Polis Nasyonal Ayiti (PNH), Roudy Sanon ta kontakte ta fè l kwè Madan Habitant te genyen yon avi rechèch dèyè li depi mwa oktob 2024 e depi lè sa li ta anba siveyans DCPJ anvan yo arete l pou swadizan lyen li yo ak gwoup ame yo dekri kòm teworis, ki kontwole plis pase 80% nan zòn metwopolitèn Pòtoprens. Non li te souvan site nan koneksyon ak chèf gang notwa yo, tankou Jimmy Chérizier, alyas Barbecue, chèf òganizasyon teworis "Viv Ansanm".
Si enfòmasyon sa yo ta konfime , li tou voye jete nouvèl lòt moun ki ta espekile arestasyon an marye ak dènye akizasyon li te fè kont Louis Gérald Gilles, yon manm nan konsèy prezidansyèl la, li te akize patisipe nan asasina yon lòt militan politik yo te rele Dickson Oreste.
Avoka Magalie Habitant, Me Palvin Phizéma, denonse arestasyon kliyan li an , li kalifye l "pèsekisyon politik". Dapre li, fouy nan rezidans priye kliyan li a, ak detansyon li, tankou vyolasyon dwa kliyan li an ,selon Jounal an liy RHINews.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com