Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Michel Martelly, atis la, gwo responsab gangsterizasyon peyi ,dapre Leslie Voltaire

Michel Martelly, atis la, gwo responsab gangsterizasyon peyi ,dapre Leslie Voltaire
Gary Bodeau, senatè Rony Célestin Hervé Fourcand ak  Michel Martelly
Gary Bodeau, senatè Rony Célestin Hervé Fourcand ak  Michel Martelly

Gary Bodeau, senatè Rony Célestin Hervé Fourcand ak Michel Martelly

Pòtoprens Ayiti, 30 janvye 2025 -Tinouvel.com


Michel Martelly, atis la, gwo responsab gangsterizasyon peyi ,dapre Leslie Voltaire

Sou yon ton kalm e san awogans Prezidan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT), Leslie Voltaire akize Michel Martelly kòm prensipal responsab gangsterizasyon peyi a pou l ka kenbe pouvwa a. "Se sou prezidans li  bandi yo te legalize," Voltaire te di nan yon entèvyou ak TV5 Monde  Mèkredi 29 janvye 2025 sa a .


Dapre Prezidan Voltaire "ansyen prezidan Marthelly te asosye ak gang yo pou kontwole peyi a e pou li gan yon yon pwouvwa milis pou ranfòse pouvwa li" menn jan divalye te fè l pandan 30 tan.


Antant ansyen Prezidan Michel Martelly , atis la (2011- 2016) ak gang yo se yon  reyalite ki byen tabli, dapre Prezidan Voltaire   ki di  "plizyè rapò ekspè ki soti nan òganizasyon ayisyen ak Nasyonzini byen dokimante "alyans makab sa a.

 

Li menn raple an out 2024" Lèzetazini te  deside pou l sanksyone ansyen prezidan ayisyen an Michel Martelly". Dapre Washington, Michel Martelly te itilize enfliyans li pou pèmèt, sitou, transpòtasyon  kokayin sou tè Ameriken yo ak patwone Gang ki baze ann Ayiti.


Nap raple Kanada te sanksyone plizyè wo diyitè PHTK tankou ansyen Prezidan ayisyen an Michel Martelly, ansyen Premye Minis li Laurent Lamothe ,depite Gary Bodeau, senatè Rony Célestin ak Hervé Fourcand epi Jean-Henry Céant, Premye Minis Prezidan Jovenel Moïse . Gouvènman Justin Trudeau a akize Michel Martelly, Laurent Lamothe ak Jean-Henry Céant pou "pwoteksyon gang  ak pèmèt aktivite ilegal gang kriminèl ame yo, tankou nan blanchi lajan ak lòt zak koripsyon.

 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Premye Minis Laurent Lamothe

Premye Minis Laurent Lamothe

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article