Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

New Orleans -atak : sa nou dwe konnen sou atak ak pickup ki touye omwen 12 mouri

 New Orleans -atak : sa nou dwe konnen sou atak ak pickup ki touye omwen 12 mouri
 New Orleans -atak : sa nou dwe konnen sou atak ak pickup ki touye omwen 12 mouri

New Orleans ,Etazini ,Premye janvye 2025 -Tinouvel.com


New Orleans -atak : sa nou dwe konnen sou atak ak pickup ki touye omwen 12 mouri


Chofè yon pick-up Ford blan  fonse sou yon foul moun nan New Orleans, Lwizyana, touye omwen 12 moun ak blese 35 lòt, dapre otorite minisipal yo , nan yon nòt pou laprès.


Atak la te fèt nan mitan lannwit lan, ozalantou 3:15 a.m. nan yon zòn ki gen anpil moun kote yo t ap selebre Nouvèl Ane a ant ri Canal ak Bourbon, nan katye istorik ak fèstivite  yo rele katye Fransè. Renome pou bon restoran, ba ak klib djaz li yo, katye sa a tou se lakay  masimasi yo kominote LGBT a.


Moun ki komèt atak la te tou louvri kout bal sou ofisye polis yo, de te blese. "Nonm sa a, otè krim lan, te tire sou ofisye nou yo apre li te finn soti nan machin li  lè li te tire De nan yo te blese e yo nan  kondisyon  estab," te dekalre  chèf lapolis lokal Anne Kirkpatrick.

 

Bilan pase ak 12 moun  mouri nan yon atak ak machin nan yon zòn touristik  nan New Orleans, nan mitan selebrasyon Nouvèl Ane sa a, bilan ka evolye toujou.


Yon zak "entansyonèl".


Moun ki komèt atak la te vle "kraze anpil moun sou wout li", yon ofisyèl lapolis nan vil Ameriken an, Anne Kirkpatrick, te di laprès. "Li te byen detèmine pou l lakòz masak," li te ensiste.


Yon Pickup blan te  travèse yon barikad "a gwo vitès," epi kraze li  epi fonse sou moun yo apre sa li soti nan machin lan tonbe tire sou lapolis, dapre temwen yo.


"Sa a pa t yon moun sou, e "Konpòtman li te konplètman entansyonèl .Nonm sa a te ap eseye touye  plis moun ke posib," dapre Anne Kirkpatrick.

 

Majistra a denonse "yon atak teworis", gouvènè a yon zak "terib".


Majistra New Orleans LaToya Cantrell te deklare pandan yon konferans pou laprès  vil li a te "frape pa yon atak teworis."FBI konfine kounye a se zak yon teworis e ajoute ke otorite yo te jwenn "aparèy eksplozif atizana ." Jiska yo poko konnen motivasyon sispèk la.

Pak machin lan soti Texas, eta vwazen Lwizyana


Prezidan Joe Biden rele majistra News Orleans  pou li ofri èd administrasyon li an

 

 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 


 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article