Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Jakmèl ,Ayiti, 23 janvye 2025 -Tinouvel.com
Prezidan Kolonbyen Gustavo Petro te Jakmel ,Ayiti,pou yon vizit ofisyèl.
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Leslie Voltaire, Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils, ansanm ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé epi kèk manm nan Gouvènman li an, te resevwa, nan aprèmidi mèkredi 22 janvye 2025 lan, Prezidan kolonbyen an Gustavo Petro nan ayewopò Jakmèl la.
Jakmèl ,se nan vil sa a, yon 2 janvye 1816 Jeneral Simón Bolívar ak Prezidan ayisyen an jeneral Alexandre Pétion te rankontre pou mete kanpe yon premye ekspedisyon militè.
Vizit ofisyèl Prezidan Petro nan peyi a fèt tou nan objektif pou ranfòse epi konsolide lyen nan mitan 2 nasyon sa yo ki gen plis pas 200 zan zanmitay.
Prezidan Petro ak yon delegasyon gouvènman kolonbyen an te patisipe nan yon tab travay binasyonal ak tokay ayisyen yo pou diskite sou domèn kle tankou agrikilti, komès ak kilti.2 pati yo ap chèche ankouraje pwojè ki mennen nan devlopman dirab, echanj konesans teknik ak ranfòsman ekonomi lokal yo.
Kolonbi ak Ayiti ap konsolide koperasyon estratejik.
Nan fen reyinyon elaji a, Minis tou de peyi yo te etabli ak konfime memorandòm kowoperyasyon sou sijè agrikilti, anviwònman, klima, kilti, sekirite, edikasyon ak komès.
Sa pral ranfose 2 nasyon yo pou kontinye travay ansanm pou popilasyon an.
Vizit sila a make yon gwo etap nan jefò kap fèt pou peyi nou an toujou gade bon relasyon ak peyi Amerik Latin yo.
Prezidan Kolonbyen Gustavo Petro mande pèp ayisyen an ekiz
Gustavo Petro nan Jakmèl te deklare :"Mwen vle di ou mèsi paske ou ede Amerik mwen an, Kolonbi mwen an, reyalize rèv libète li e Prezidan Petro te tou chwazi okazsyon sa a pou mande pèp ayisyen an eskiz akoz patisipasyon mesenè Kolonbyen yo nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse.
Kolonbi ak Ayiti ini pou libète ak demokrasi
Chwa Prezidan Kolonbyen Gustavo Petro pou vizite Jakmèl genyen yon sans istorikman enpòtan nan lavi pèp kolonbyen ak Ayisyen .Li te deklare nan diskou li an:"Nou egzakteman kote Francisco Miranda ak Simón Bolívar ak tout rèv yo e petèt nan yon klima lapèz, yo te vini. Yo te dòmi isit la, nan vilaj sa a. Yo te vin chèche sipò, yo te jwenn li, epi answit yo te kòmanse konkeri libète sou kontinan nou an....
Prezidan dekare pandan visit li ann Ayiti "Etazini pa ta anyen san pèp nwa a, san pèp Meksiken an. "Yo pa t ap anyen si blan pa t aprann sa sa vle di goumen pou libète"
Li te ajoute Kolonbi ak Ayiti ini pou libète ak demokrasi.
Omaj ak Bolivar e Petion
Nan reyinyon an, de prezidan yo te rann Simon Bolivar ak Alexandre Pétion yon omaj byen merite pou batay yo kont kolon panyòl yo e Petro te tou reyafime angajman Kolonbi pou ranfòse lyen bilateral yo.
Nan finisman vizit ofisyèl li ann Ayiti, Prezidan Petro Gustavo, ansanm ak prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon peyi Dayiti, Leslie Voltaire, te inogire bust Simón Bolívar ak Alexandre Pétion.
Nap ranple 2 janvye 1816 se te premye rankont ant Jeneral Simón Bolívar ak Prezidan premye Repiblik Amerik yo, Jeneral Alexandre Pétion .
"Nan epòk sa yo, Liberatè Amerik di sid Simón Bolívar, te vini ann Ayiti san lajan, san lame,san anyen ak sèlman yon ideoloji revolisyonè epi konviksyon fèm pou batay pou nesans ak realizasyon endepandans peyi sa yo.
Ayiti te bay gwo sipò yo pou Lagè Endepandans Kolonbi , Venezyela...
Alexandre Pétion te bay Simón Bolívar 7 bato, 4,000 fizi ak bayonèt, 15,000 liv poud kanon , 15,000 liv plon, bal an wòch pou fizi yo, pwovizyon, lajan kach, ak 3,500 gason pou ale simen libete nan kontiman amerik disid kont panyòl yo.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com