Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
New Orleans ,Etazini ,Premye janvye 2025 -Tinouvel.com
New Orleans -atak
Sispè nan atak New Orleans te nan lame ameriken kòm yon espesyalis RH ak IT
Shamsud-Din Jabbar te sèvi kòm yon espesyalis resous imen ak espesyalis nan teknoloji enfòmasyon pandan sèvis aktif li ant mas 2007 ak janvye 2015,li deplwaye nan Afganistan yon fwa nan mwa fevriye 2009 jiska janvye 2010. Apre li te kite sèvis aktif nan mwa janvye 2015, Jabbar te sèvi nan Rezèv Lame a jiskaske Jiyè 2020.
Li te kite sèvis la ak grad sèjan, dapre Lame a.
Anvan li te antre nan Lame a, Jabbar te sèvi tou pou yon mwa nan marin ameriken. Yon pòtpawòl Lamarin te konfime CNN li te anrole nan mwa Out 2004 epi li te demobilize nan Pwogram Antre Reta yon mwa apre.
Shamsud-Din Jabbar gen 42 zan.Li te tou yon ajan imobilye
Li se yon sitwayen Ameriken ki fèt ak grandi nan Beaumont, Texas.
Bilan pasyèl monte nan atak teworis New Orleans a 15 moun , dapre doktè lejis yo, blese yo al pran swen nan 5 lopital pami yo 2 polisye
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous CNN