Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Tout sa nou dwe konnen sou  rezo trafikan ògàn nan Ann Ayiti

 Tout sa nou dwe konnen sou  rezo trafikan ògàn nan Ann Ayiti
 Tout sa nou dwe konnen sou  rezo trafikan ògàn nan Ann Ayiti


Saint-Marc, Ayiti, Madi 7 janvye 2025 -Tinouvel.com


Tout sa nou dwe konnen sou  rezo trafikan ògàn nan Ann Ayiti


Yon rezo entènasyonal trafik ògàn kote   kriminèl òganize   ap pwofite Bwa Kale, ("bwa kale" ann Ayiti se yon fòm jistis popilè ki devlope nan yon kontèks sekirite ak kriz enstitisyonèl)pou vòlè ògàn  viktim yo dapre Madam Berthide Horace yon manm sosyete sivil nan Saint-Marc.


Nam yon videyo makab kap sikile sou rezo sosyal yo montre yon moun kap pale angle kap ekstrè yon kè yon moun yo ta swadizan bay bwa kale, madan Horace te deklare nan Radio Métropole.


Dapre Madam Berthide Horace  kriminèl yo ap pwofite ofansif lapolis kont gang Savien ak Palmiste pou fè krim sa yo.Manm rezo a fè tèt pase   kòm moun nan lokalite kap pouswiv bandi men anreyalite se pesib sitwayen yap egzekite nan lokalite ki rekile yo.

 

Li fè konnen pandan fèt  fen  dane yo ,kriminèl yo te dekapite viktim yo nan yon zòn ki pa abite, toupre kanal la, bò komisarya Petite-Rivière. Moun ki retire ògàn yo, patikilyèman kè a, demontre li gen gwo abilite pou fè sa a.


Komisè Gouvènman Senmak la asire otorite yo ap mennen yon ankèt pou demantle rezo trafikan ògàn sa yo .


Plas Ayiti nan Trafik ògàn 


Trafik ògàn se yon pwoblèm mondyal ki afekte patikilyèman peyi vilnerab tankou Ayiti. Povrete ekstrèm ak enstabilite politik kreye yon anviwònman favorab pou kalite trafik sa a gaye  .Komès ilegal vinn posib plis toujou ak ogmantasyon gang yo nan peyi a.

 

Selon rapò Inisyativ Global kont Krim Òganize Transnasyonal zòn ki frape  anpil yo,se Site Solèy ak Kanaan nan rejon metwopoliten lan,rapò fè konnen yo abitye jwenn  kadav nan lari ki manke  ògàn yo, sa ki montre yon posib fenomèn trafik ògàn ann Ayiti.

 

Konbyen kòb trafik sa a rapòte 

 

Gen yon bezwen dezespere pou transplantasyon ògàn e sa ede   yon mache kriminèl transnasyonal louvri ,mache sa a  rapòte anpil lajan.Yon kote  peyi devlope yo  ap chèche ògàn pou  achte  e peyi soudevlope se yo kap ofri  ògàn yo degre ou de fòs nan mache ilegal la.

 

Trafik ilegal ògàn se yon fenomèn mondyal e rezo kriminèl pwofite povrete ayisyen pou gaye  komès la nan katye vilnerab gang yo ap kontwole.OMS estime  komès ilegal ògàn koute  anviwon 10% transplantasyon atravè lemond.Dapre Jean-Philippe Duguay, Brian Hermon et Alexandra Smith,nan  yon etid pou palman kanadyen an estime pwofi anyèl yo estime ant $840 milyon ak 1.7 milya dola ameriken ($ US).

 

Ògàn prensipal rezo kriminèl  ap chèche se ren, fwa ak kè.Pri sa yo varye selon rejyon ak rezo kriminèl yo, e"donatè" fòse yo resevwa sèlman yon ti pati nan sòm sa yo (souvan mwens pase 5%).Intèmedyè ak rezo kriminèl pran majorite nan pwofi yo nan pri benefisyè yo peye a.Nou rele "Donatè" fòse moun yo souvan twonpe pou  bay oswa yo fòse bay yon  ògàn  men nan ka Ayiti se gang kriminèl chwazi   touye viktim lan pou vòlè ògàn  yo. Yo pran ni vi moun ni ògàn  li.

Dapre magazin Ameriken Wired jounal Echo te site ,preske tout kò imen  andetay  vo 30 milyon ero ,pri sa a konsène sèlman  sibstans likid, tisi ak ògàn, chak nan yo gen pri pa yo.

 

Ògàn ki pi chèche yo:


- Ren: Ant $50,000 ak $150,000 
- Fwa: Ant $150,000 ak $250,000
- Kè: anviwon $150,000
- Kòne: $10,000 a $20,000
- Pankreyas: anviwon $150,000


Strikti yo


Estrikti rezo trafik ògàn kriminèl yo konplèks, sa kap fonksyone annayiti se yon senp ramifiksyon  yon  gwoup kriminèl byen oganize .Sou plan entènasyonal rezo gen ladan Chèf yo moun ki kontwole ak òganize rezo a,Koutye/entèmedyè ant donatè ògàn yo ak moun k ap resevwa yo,souvan yo se doktè, enfimyè oswa moun ki gen konesans medikal.


An n Ayiti  Gwoup entènasyonal kreye yon rezo rekritè lokal ki genyen yon  entèmedyè  kap fè lyezon ant rezo a ak gwoup kriminel  ayisyen yo kap chèche souplas  viktim yo , e pafwa yo pran sèvis nan men pwofesyonèl medikal lokal yo ak lopital kap retire ògàn yo  ilegalman. 

 

Nou ka jwenn tou Donatè ògàn ,viktim ki soti jeneralman nan popilasyon pòv ak vilnerab nan peyi soudevlope yo. Anpil nan yo se moun yo twonpe ou byen yo fòse yo vann ògàn yo.Ann gang kriminèl nan viv ansanm touye viktim yo .

Finalman rezo bezwen Chirijyen ak ekip medikal pou fè transplantasyon yo se pwofesyonèl medikal kowonpi ak yon rezo Transpò se gwoup k ap transpòte ògàn soti nan yon peyi ale nan yon lòt. 

Li enpòtan pou sonje rezo kriminèl sa yo souvan byen òganize epi yo gen koneksyon entènasyonal. Yo sèvi ak metòd sofistike pou evite deteksyon epi kontinye opere ak enpinite.E se atravè  entènèt kontak tabli ant trafikan yo ak achtè potansyèl yo.


Yo souvan travay an konplisite ak polisye, ofisye ladwàn,aktè politik.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article