Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Afè Jovenel Moise : FBI,Ancasis Jean Hector , politisyen ayisyen  tout moun te konnen yo ta pral touye prezidan an

Joseph Félix Badio enkilpe nan asasina Prezidan Jovenel Moïse

Joseph Félix Badio enkilpe nan asasina Prezidan Jovenel Moïse

Pòtoprens,Ayiti, 11 fevrye 2025 -Tinouvel.com

Ayiti-Jistis

Afè Jovenel Moise : FBI,Ancasis Jean Hector , politisyen ayisyen  tout moun te konnen yo ta pral touye prezidan an

 

Joseph Félix Badio, yon ansyen ofisyèl nan ministè jistis ayisyen e ki sispèk nan asasina Prezidan Jovenel Moïse an jiyè 2021, te temwaye, lendi 10 fevriye 2025   devan Kou Dapèl Ayiti nan Pòtoprens. Li te deklare  li te anpeche de konplo pou asasinen Jovenel  Moïse,  youn nan yo se te nan  mwa jen 2021 lè Moïse te retounen soti nan Tiki , kèk semèn anvan yo te touye Jovenel Moïse 7 jiyè 2021, nan yon atak ki te enplike mèsenè etranje yo ak 2 toutè, enfòmatè ayisyen pou DEA ak CIA .

 

Joseph Félix Badio  prezante tèt li kòm kowòdonatè ranseyman jeneral nan ULCC ak konseye  sekirite nan ministè lajistis Rockfeller Vincent tap dirije .Li di li pa janm nan mawon ,ni nan kache pandan yo ta swadizan ap chache pandansetan li te tout kote  li tap mennen tout aktivite nan moman sa yo ,li te konn al nan sipèmache, nan restoran ,nan kabinè  li devan je tout moun ak lapolis e li te menn ale 3 fwa nan DCPJ e li te alle nan Pakè  pou li te al pote plent.

 

"Lè yo di mwen te  nan kaval  mwen te pito tap  mennen  ankèt  e li gen 600 paj maniskri  ,li te ajoute.Li deklare, devan  Kou Dapèl Pòtoprens, “poko gen ankèt sou dosye a”.

 

Kòm prensipal sispèk nan asasina Jovenel  Moïse,  temwayaj li parèt kontradiktwa,youn ap akize  kòm prensipal planifikitè  asasina pandan lap fè tèt li pase kòm  pwotèktè Prezidan Moïse, potansyèlman pou prouve inosans li .

 

Tout moun te okouran yo ta pral asasinen prezidan Jovenel Moise ,pandan se  badio yap di se sèvo konplo sa a, li te deklare devan jij yo e li fè konnen 3 mwa anvan asasina FBI te okouran de konplo sa a pou ki yo pat fè anyen pou te dejwe I.

 

Félix Joseph Badio, di ansyen senatè Jean Hector Anacacis Ancasis montre l ak prèv sou telefon tout moun te okouran , menn  Jovenel Moise te konnen yo tap vinn touye e Anacassis te mande prezidan  pou li kite kay li pou yo pat touye men Jovenel Moise  te fè tèt di "
Badio ajoute  politisyen ,moun nan antouwaj prezidan an , anfen kont tout sosyete te okouran yo ap vinn asasinen prezidan an lakay li jou sa  e anonse  lap mande pou Jean Hector Anacacis , Mackenson Remy Jonalis Rdio Craibes ak 6 lòt moun vinn temwaye nan pwosè li.


Nan deklarasyon li fè nan tribinal la, Félix Badio ta prezante yon nouvo ang  nan envestigasyon sou asasina Prezidan Jovenel Moise  epi voye jete rapò Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) li di se pa DCPJ ki ekri rapò sa a. Dapre li, dokiman sa a se yon manipilasyon epi li pa reflete verite sou dosye a.

 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article