Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Ayiti anile kanaval li akoz ensekirite

Ayiti anile kanaval li akoz ensekirite
Publicité

Pòtoprens,Ayiti, 19 fevrye 2025 -Tinouvel.com


Ayiti-Kilti


Ayiti anile kanaval li akoz ensekirite


Gouvènman ayisyen an deside anile madi evènman ofisyèl kanaval nasyonal la ki te gen pou fèt ane sa a nan Fò Libète (nòdès) pandan premye jou mwa mas yo nan yon kontèks ensekirite k ap grandi nan peyi a, dapre yon nòt pou laprès prezidans lan te pibiye ayè .


Dapre Jounal Le nouvelliste Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, te mande minis kilti li a, Patrick Delatour, anile evènman ki te planifye pou 2, 3 ak 4 mas yo sou tèm "Haiti debout".

Desizyon sa a pran akoz ogmantasyon vyolans nan peyi  a, kote atak ak masak gang ame kap teworize popilasyon an ap ogmante.


Divès sektè nan lavi piblik ayisyen te kritike  òganizasyon  kanaval nasyonal la  akòz ensekirite ki blayi  nan peyi a kote  gwoup ame nan Viv ansanm yo kontwole omwen 85% rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

 

Gouvènman santral te dipoze yon bidjè 300 milyon goud (apeprè 2,3 milyon dola) pou  ane sa a pou kanaval 2025 lan nan tout peyi a, ladan l te genyen170 milyon goud (apeprè 1,3 milyon dola) te pou kanaval nasyonal la nan Fò Libète.


“Pa gen kanaval nasyonal nan Fò Libète. Gouvènman an pap finanse fèt sa yo. "Klima  pa bon pou sa dapre yon" kontak  Le Nouvelliste.


Malgre selebrasyon ofisyèl sa a te anile, meri yo ak ajan kiltirèl yo ka kontinye òganize aktivite pa yo nan lokalite yo,Ministè Kilti a ap kapab ede òganize fèt sa yo nan mezi posiblite li yo. Men, gouvènman an pa pral fè okenn envestisman adisyonèl nan kanaval la ane sa a" .


Nan raple an 2019 ak 2022, gouvènman Jovenel Moise te deside anile kanaval nasyonal la akòz vyolans.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com


Sous Ajans EFE Le Nouvelliste
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article