Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 11 fevrye 2025 -Tinouvel.com
CPT a mande pou Gouvènman an ankète sou sanksyone peyi Kanada, Etazini ak Òganizasyon Nasyonzini
Depi 2022, Kanada, Etazini ak Nasyonzini enpoze sanksyon (jele byen, entèdiksyon pou vwayaje)kont plizyè pesònalite ayisyen yo akize nan finanse gang,patisipe nan trafik dwòg oswa sipòte vyolans. Pami yo gen politisyen, pi koni yo nap site Joseph Michel Martelly,Jocelerme Privert,Jean Henry Céant,Laurent Lamothe ,Joseph Lambert, Youri Latortue Nenel Cassy, Gary Bodeau... , biznisman pami yo Charles (Kiko) Saint-Rémy, Gilbert Bigio, Reynol Deeb, Sherif Abdallah, Salim Succar, Marc Antoine Acra, Carl Braun, Jean-Marie Vorbe, André Apaid, ak chèf gang tankou Jimmy Chérizier, alyas "Barbecue", Lanmo Sanjou, Vitel’Homme Innocent, Johnson André (alias Izo) .
Nan yon twit sou paj ofisyèl li, prezidan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl, Leslie Voltaire bay Premye Minis lan Alix Didier Fils Aime enstriksyon pou Kolekte epi egzamine prèv kont moun sa yo"Maten an, CPT a te mande Premye Minis lan pou ranmase epi egzamine tout prèv ki disponib kont tout moun peyi Kanada, Etazini ak Òganizasyon Nasyonzini sanksyone pou wòl yo jwe nan destabilizasyon Ayiti".
Dapre sèten obsèvatè demand Leslie Voltaire se pou lejitimize sanksyon entènasyonal yo epi chache pou baz legalize mezi entènasyonal yo:"Gouvènman an pral pran tout dispozisyon ki nesesè pou mennen ankèt ak mete lajistis an mouvman .Leta pral aji byen fèm pou mennen devan lajistis moun k ap febli sekirite ak estabilite peyi Dayiti",dapre Mesye Voltaire.
Enstriksyon Leslie Voltaire Bay Gouvènman an rantre nan kad efò CPT pou konbat enstabilite ann Ayiti, kote Kanada, Etazini ak Nasyonzini te sanksyone moun ak antite pou swadizan wòl yo nan kriz sekirite, ekonomik ak politik la. Li mande pou: "popilasyon an rete vijilan kont tout tantativ manipilasyon ak destabilizasyon". "Pa tonbe nan pyèj gang ak moun k ap sèvi enterè yo!" li te ajoute .
Sanksyon entènasyonal sa yo te vize pou izole aktè destabilizasyon nan lavi politik ann Ayiti.Sanksyon sa yo pou kont yo p ap ase san yon pwosè jidisyè kredib. Pou sa rive fèt leta ayisyen dwe kolekte prèv solid ak konkrè pou yo ka itilize nan pwosedi ekstrateritwa (pa egzanp, tribinal ameriken oswa Kanada)epi trennen moun sa yo devan tribinal nasyonal .
Enstriksyon sa a pral ede ranfòse règ dwa nan Kolekte prèv ki ka ede retabli konfyans nan enstitisyon jidisyè yo malgre koripsyon nan sektè sa a.Li pral ranfòse presyon sou gang ak mèt yo ki menase enterè ekonomik ak politik yo.
Men lis pèsonalite sa yo (sous: Le Nouvelliste)
Pèsonalite ayisyen Kanada sanksyone
Joseph Lambert, Youri Latortue, Gary Bodeau, Hervé Fourcand, Rony Célestin, Michel Martelly, Jean Henry Céant, Laurent Lamothe, Berto Dorcé, Liszt Quitel, Nenel Cassy, Steeve Khawly, Arnel Bélizaire, Charles (Kiko) Saint-Rémy, Gilbert Bigio, Reynolem De Privert, Jozèf Acra, Carl Braun, Jean-Marie Vorbe, André Apaid, Jimmy Chérizier, Lanmo Sanjou, Vitel’Homme Innocent, Johnson André (aka Izo)
Ayisyen Etazini sanksyone
Youri Latortue, Joseph Lambert, Laurent Lamothe, Rony Célestin, Hervé Fourcand, Gary Bodeau, Romel Bell, Pierre Richard Duplan, Fednel Monchery, Jimmy Chérizier
Moun Repiblik Dominikèn pran sanksyon
Claude Jozèf, Gracia Delva, Liszt Quitel, Rodolphe Jaar, Bredy Charlot, Kesner Normil, Evans Paul, Assad Volcy, Jean Tholbert Alexis, Victor Propan Abdallah, Arnel Bélizaire, Salim Succar, Reynold Deeb, Nénel Cassy, Berto Dorcé, Antonio Cheramy (Don Kato), Steve Khawly, Frantz Cole, Jean Mardoché Vil Elito Petit-Homme, Carlo Petit-Homme (Ti Makak), Elan Luckson, Jermaine Stephenson (Gaspiyay), Albert Stevenson (Djouma), Julmé Ernst (Ti Greg), Woodley Etheart (Sonson La Familia), Jimmy Chérizier (Barbecue), Innocent Vitel’Homme (Vitelom), Destina Renel (Ti Lapli), Wilson Joseph (Lanmo San Jou), Claudy Célestin (Chen Mechan), Alexandre Ezechiel (Ze), Kempes Sanon, Chéry Christ-Roi (Chris-La), Gabriel (Chris-La), Gabriel (Félix Monn), (Félix Monè) lichen, Emile (Pe Lebren), Wanique Pierre, Jacques Sauveur Jean, Jean Jean Baptiste Bien-Aimée, Ardouin Zéphirin, Nader Joiseus, Jeantel Joseph, Wideline Pierre, Luckner Desir (Louko), Caniiel Samson
Joseph Lambert, Youri Latortue, Gary Bodeau, Hervé Fourcand, Rony Célestin, Michel Martelly, Jean Henry Céant, Laurent Lamothe, Berto Dorcé, Liszt Quitel, Nenel Cassy, Steeve Khawly, Arnel Bélizaire, Charles (Kiko) Saint-Rémy, Gilbert Bigio, Reynol Deeb, Sherif Abdallah, Jocelerme Privert, Salim Succar, Marc Antoine Acra, Carl Braun, Jean-Marie Vorbe, André Apaid, Jimmy Chérizier, Lanmo Sanjou, Vitel’Homme Innocent, Johnson André (alias Izo)
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com