Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Atlantik City, New Jersey, 5 fevrye 2025 -Tinouvel.com
Eske CIA te nan konplo pou asasinen Bob an 1976?
6 fevrye 1945 - 6 fevrye 2025 Bob Marley tap gen 80 lane
6 fevriye 2025 Bob Marley, sipèsta mondyal rege a tap gen 80 lane.Atis Jamayiken Robert Nesta Marley, te fèt 6 fevriye 1945 nan Nine Miles (Jamayik).Se te yon chantè-konpozitè ,gitaris epi yon revolisyonè mizikal ak politik.Eske nou konnen 3 desanm 1976, li te manke mouri asasine.
Tantativ asasina Bob Marley
3 desanm 1976, Bob Marley ak ekip li te nan kwizin nan kay li nan 56 Hope Road nan Kingston, Jamayik, de jou anvan konsè Smile Jamaica ,kote Marley te espere soulaje tansyon anvan eleksyon Jamaica Labour Party (JLP) pati ekstrèm dwa CIA tap apiye e ki tap konteste eleksyon antisipe yo , anfas la se te Pati Nasyonal Popilè (PNP) yon pati pwogresis ki te sou pouvwa.
Nan jou sa a jèn gason ame te lakay Bob."Epi toudenkou gason ame yo te antre. 4 apwoche sou moun ki te la yo : Marley, madanm li Rita, ak manadjè li , 2 nan yo louvri kout zam sou yo .Se sitou manadjè li, Don Taylor te ki te entèveni pou kouri bare Bob , li te pran 5 bal. Yon bal te frole Bob (...) pèsonn pat mouri, men se te yon chòk absoliman enkwayab, "dapre Alain Gardinier sou RTL. Dapre yon atik Cnews Bob Marley te pran bal nan bra a ak nan pwatrin, madanm li Rita nan tèt la ak manadjè li te resevwa plizyè bal.
Bob Marley pat abandone lide pou pèfòme sou sèn, li te gen lafwa li epi li santi lafwa li tap pwoteje l, li te vle pote yon mesaj inite ak lapè. Li te deklare tou: "Moun ki eseye fè mond lan mal pa janm pran vakans, kidonk poukisa mwen ta dwe pran konje ?"
Pèsonn pa konnen jodi a ki moun ki vrèman te bay lòd pou asasinen Bob Marley 3 desanm 1976.Li pap janm klè si motif la te politik, men, se poutèt sa, yo avanse plizyè ipotèz yo,vanjans,rekiperasyon politik oswa operasyon CIA .
Wòl gouvènman Michael Manley
Dapre yon premye teyori, ki nan yon atik cnews ,Bob Marley: "Jou li chape anba yon tantativ asasina " nou te li pou ou : "Pati sosyalis Manley a, PNP ta komèt zak sa a pou fè Bob Marley tounen yon mati, sèl esplikasyon atik la te bay :"mesye ki te responsab pou asire sekirite deyò kay Bob Marley yo te absan nan moman evènman yo, yon teyori jounalis Alain Gardinier demanti nan mikro RTL, li te di "youn nan gad ki devan kay Bob Marley, te zanmi ak yo e li te kite yo pase.E pirèd yo te al jwenn machin asayan yo nan katye patizan pati ekstrèm dwat JLP tap kontwole," Alain Gardinier te presize,pi lwen .
Jamaica Labour Party (JLP), wòl
Dapre yon lòt teyori, se pati Jamaica Labour Party (JLP) ,Edward Seaga tap dirije yon mouvman ekstrèm dwat epi ki te anba enfliyans CIA, ta sètènman fòmente atak sa a kont Bob Marley,"dapre jounalis la .Yo te vle anpeche Bob Marley pèfòme sou sèn pandan konsè kont vyolans nan peyi jamayik .
Pati sa a te konnen Bob Marley,tankou anpil atis te gen akwentans ak lagoch epi li te pi pre pouvwa a an plas e li te kont lide ekstrèm dwat,"Edward Seaga yo li ajoute.
CIA ?
Rasta pa travay pou CIA
Yon lagè kache tap fèt pou diskredite gouvènman Manley a, ki te chita sou menn modèl pratik destabilizasyon Etazini tap òkestre o Chili Salvador Allende a. CIA te òganize vyolans paramilitè ki te touye plizyè santèn moun ak militan PNP epi yo te patwone yon kanpay pwopagann anti-Manley ak lagè ekonomik ki te fèt pou "toufe ekonomi Jamayik."
Malgre Marley t ap chache rete neut, destabilizatè yo te sispèk li te pwòch PNP la, akòz pawòl revolisyonè ak anti-enperyalis li tap pote yo ak jefò li tap fè pou ini Jamayik an fas a destabilizasyon Etazini.CIA te konsidere li tankou yon elaman pètibatè .
Bob Marley te vinn reponn ak yon chante an Rat Race. "Rasta pap travay pou okenn CIA," "Rasta don't work for no CIA"
Se nan kontèks politik la troublay sa yo, yo te site non CIA, paske gouvènman ameriken an pat danse kole ak politik sosyalis Michael Manley yo te konsidere Bob Marley kòm yon soutyen danjere pou Manley kote popilarite li t ap grandi.
Moun ki pi alimante ipotèz sa a se Manadjè li a nan moman pwosè pou jije asayan ame ki te atake Marley,Manadjè li ki te prezan nan pwosè a, te di youn nan tirè yo te deklare CIA anboche l an echanj zam ak dwòg. Jounalis Rolling Stones ak byograf Marley a,Timothy White te deklare tou mesye ame JLP yo di yo te fè fiziyad la sou lòd CIA .
Atak la te fèt vandredi swa, konsè a nan dimanch swa e nan lendi byen bonè nan maten a 6 è konsa li te pran yon avyon pou ale Bahamas," dapre temwayaj jounalis Alain Gardinier.
Marley te pran direksyon Lond ,Angletè . Li ta pral retounen nan zile a an 1978 pou konsè One Love Peace . Fwa sa a, Wailers yo responsab tout bagay . Bob Marley mete Edward Seaga ak Michael Manley, de mesye fò nan peyi a anfas ak piblik la epi pouse yo bay men. Devan foul moun ki tap bat bravo, de lènmi yo pat ka refize.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
RTL,rfi,CNEW,WILKIPEDIA