Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

 Félix Cumbé  antere jedi nan simityè Jaden Memorial 

Felix Cumbe(Fritz Sterling) chantè bachacha ,  merengue
Felix Cumbe(Fritz Sterling) chantè bachacha ,  merengue
Felix Cumbe(Fritz Sterling) chantè bachacha ,  merengue

Felix Cumbe(Fritz Sterling) chantè bachacha ,  merengue

Sendomeng,Repiblik Dominikèn, 12 fevrye 2025 -Tinouvel.com


Listín Diario ak Tinouvèl 

Move Nouvèl-Nouvèl Lanmò


 Félix Cumbé  antere jedi nan simityè Jaden Memorial 

Félix Cumbé, atis ayisyen yo pi renmen an Repiblik Dominikèn, mouri nan nwit madi 11 fevriye 2025 nan Cedimat.Li te fè yon kriz kadyak, daprè pitit fi li sou rezo sosyal li yo.


Depouy chantè bachacha ,  merengue an Repiblik Dominikèn ak ansyen chantè gwoup konpa Super Stars D'Haiti,Félix Cumbé ap antere Jedi a 4:00 p.m. nan simityè Jaden Memorial, dapre madanm li Fanny Carolina Adames (choris ak dansè).

 

Seremoni antèman an te kòmanse depi  Mèkredi sa a nan Pomp finèb Gresefú, ki chita sou Las Américas Avenue, kote zanmi, fanmi ak fidèl yo pral kapab di yon dènye orevwa .

Fanny Carolina te di jounal Listin Diario : “Soti nan Pomp finèb   Gresefú, y ap mennen l nan simityè Jaden  Memorial .

 

Jedi, apati 10:00 a.m., kadav li pral ekspoze nan simityè  , sou avni Jacobo Majluta, nan Sendomeng.

 

A 4:00 p.m nan Jedi, yo pral deplase nan zòn  Párque nan Simityè Jardín Memorial .


Félix Cumbé te fèt an 1961 ,Pòtoprens an Ayiti ,an desann 1974, a laj 13 an, li te emigre an Repiblik Dominikèn, kote kèk ane apre li te kòmanse yon karyè mizikal.


Silvio Mora, konsidere li kòm Ayisyen yo  pi renmen pandan tout tan an Repiblik Dominikèn. Félix Cumbé chante  "Fui fua" bachata ki pi popilè nan dènye mwa sa yo gras ak Tiktok . 


Apre plizyè deseni li tap viv ak  rezidans nan Repiblik Dominikèn, nan mwa me 2022, Fritz Sterling, bon non li,te resi  jwenn sitwayènte Dominikèn  , kote li tap viv  lavi l ak  fonde yon fanmi.


Nap raple nan mitan mwa janvye, chantè a te ospitalize  nan yon klinik nan Santo Domingo  pou pwoblèm respiratwa , ren ak anemi kwonik, dapre madanm li, Fanny Carolina Adames.

 

 Li ale li te kite nan dèy madanm li Fanny Carolina Adames, kote yo  tap vi ansanm pandan 33 ane, ak pitit fi li Katty Cumbé, pyanis ak chantè. Li te gen kat lòt timoun tou, pou yon total de sis.


Ale an pè Sipèsta


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article