Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ki moun ki touye  Eliana Thélémaque ?

Eliana Thélémaque

Eliana Thélémaque

Pòtoprens,Ayiti, 17 fevrye 2025 -Tinouvel.com


Ayiti-Asasina


Ki moun ki touye  Eliana Thélémaque ?


Sa se yon kesyon lejitim  sosyete e  fanmi viktim lan ap poze pou konnen ki moun ki touye Eliana Thélémaque  ou byen ki yès ki responsab lanmò  jen manman sa a?


Trajedi ki antoure lanmò Eliana Thélémaque  ak pitit li a se yon krim patikilyèman brital ki te fèt ann Ayiti jou amourèz  yo,jou Sen Valanten an nan yon kontèks vyolans sistemik ak enpinite jeneralize. 

 

Lanmò   Eliana Thélémaque: yon senbòl laterè ann Ayiti


Nan fen janvye 2025, pandan kowalisyon kriminèl “Viv Ansanm” tap fè yon masak  nan Kenscoff (Ayiti),Eliana Thélémaque ak yon pitit gason 2 mwa  sou bra  tap eseye kouri kite  zòn lan  ,te vinn kontre  bab pou bab ak bandi yo ki   te egzije l pou jete tibebe la   nan yon  flanm dife yo te limen kòm  li te refize egzkite lòd makab sa a, manm gwoup Viv Ansanm  yo te rache ti bebe l nan bra l epi jete l tou vivan nan dife a devan je l ,dapre  Miliana Thelemaque sè defen an  ki konfime nouvèl la nan jounal premye okazsyon nan RadioTele  Caraibes .

Zak barbari sa a te plonje Eliana nan gwo chòk emosyèl ak  twomatik.

 

Krim sa a   fè pati yon sik vyolans k ap ravaje peyi a, kote  gang yo ap aji ak enpinite prèske total. E trè  souvan  politisyen, elit ekonomik ak lapolis rete pasif devan atwosite sa yo.


Eliana Thélémaque, yon jèn manman 28 tan , se yon viktim anblematik nan yon sosyete kote yo banalize  barbari , touye moun  konsa prèske nòmal tèlman kriminèl yo san kè e yo pa jann santi yo enkyete .Men ki moun ki touye Eliana Thélémaque ?


Kòz ofisyèl lanmò


Apre evènman sa a, li moute desann pandan de semèn, san asistans medikal oswa sikolojik, nan yon eta de gwo detrès. Yo te jwenn li finalman 14 fevriye 2025 nan Delmas 103, li trè afebli, epi yo mennen l nan komisarya Pétion-Ville, kote li mouri yon ti tan apre.


Pa gen okenn atak dirèk ki te fèt sou Eliana Thélémaque .Li pa mouri ni pa bal ni yo pa toufe li e ni se pa yon moun yo te idantifye ki  te tyake l ak kout kouto . Jij depè Eno René te  sètifye legalman lanmò li, san li pat mansyone yon kòz vyolan pandan konsta li an.


 Chòk fizik ak sikolojik


Rive nan komisarya Pétion-Ville ,ajan PNH yo te sèlman ofri  yon matla san dra pou l te kouche e se la li te rann dènye souf li ,lanmò li se te rezilta yon gwo chòk sikolojik ak fizik apre asasina brital ti bebe de mwa li a   bandi ame nan Viv ansanm te komèt devan je l.

Pandan 2 semèn anvan lanmò Eliana tap fè fas pou kont li ak chòk emosyonèl, fatig fizik ak mank de swen .Pat gen okenn moun ki te la pou li ,ni otorite yo  ni fanmi li ki pat konn kote li te ye.


An brèf , lanmò Eliana Thélémaque se rezilta vyolans endirèk gang yo .Bandi yo nan "Viv Ansanm" yo responsab lanmò pitit li a,deklanche detrès li.

Pou tonton li ,Pierre Thélémaque se leta ayisyen ki touye nyès li an.

Ki wòl Leta Ayisyen ?


Dapre Mesye Thélémaque nan mikro jounalis Radio Caraibes se inaksyon enstitisyon lapolis la ak  leta ayisyen  ki responsab lanmò Eliana.Li mete aksan sou neglijans sistemik otorite yo ki pa fèt anyen pou  te ede l medikalman ak  sikolojikman.


Pou ki  sa lapolis pat mennen li lopital ,pou ki sa ministè sante , afè sosyal,"kondisyon fanm pa entèvni pou nyès li an   pou ta ede l apre chòk li tap soufri an?," li tap mande ak anpil endiyasyon .

Li di "se Leta ayisyen ki gen tout responsablite nan lanmò Eliana Thélémaque, se yo ki pa fè  anyen pou yo te  kapab kontwole vyolans ak ensekirite jeneralize ki nan peyi a", li konsatate   "otorite sa yo echwe totalman  nan zafè sekirite piblik "


Menn si li  te vle minize responsabilite gang yo nan zak sa a, nan vle fè yo paske pou  potansyèl "viktim tou" ,li te sitou denonse  Leta ayisyen ki pa rive bay nyès li a pwoteksyon ka li te merite.


" Antanke sitwayen ayisyen ki peye taks  mwen deside  pote plent kont leta ayisyen pou wòl  li jwe nan  lanmò Eliana Thélémaque ,li te presiye nan jounal premye okazyon.


Menn si li " kwè pouiswit sa pap mennen ak  anyen "li espere "senbolikman" lap fè leta peye pou inaksyon li.

Li espere yo  jwenn kadav defen an pou fanmi  Thélémaque ranm yon dènye omaj ak Eliana ki mouri kite yon pitit 7 tan.

 

 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article