Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Lapolis lage koukouwouj dèyè Nènel Cassy ak Alfredo Antoine pou prezime lyen yo ak gang

Lapolis lage koukouwouj dèyè Nènel Cassy ak Alfredo Antoine pou prezime lyen yo ak gang
Lapolis lage koukouwouj dèyè Nènel Cassy ak Alfredo Antoine pou prezime lyen yo ak gang

Pòtoprens,Ayiti, 18 fevrye 2025 -Tinouvel.com


Ayiti-Polis


Lapolis lage koukouwouj dèyè Nènel Cassy ak Alfredo Antoine pou prezime lyen yo ak gang


Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ)  pibliye avi chache mennen vini dèyè ansyen palmantè Nenel Cassy ak Alfredo Antoine.DCPJ akize ansyen senatè Nippes, Nènel Cassy, ​​ak ansyen depite Kenscoff, Alfredo Antoine, nan "konplo kont sekirite entèn Leta, finansman òganizasyon kriminèl, konplisite nan asasina ak asosyasyon malfektè".


Akize yo ta  gen lyen ak gang ame ki enplike nan vag vyolans k ap souke Ayiti. Anons sa a te fèt madi 18 fevriye 2025 sa a pandan yon konferans pou laprès ki te fèt nan Clercine.


Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) ap chèche antou sèz moun ki ap kolabore ak gwoup kriminèl ki enpoze lwa yo nan peyi a epi defye otorite leta.  


Nan mwa novanm 2023, Inite Anti-Koripsyon an (ULCC) te deja entèdi  ansyen senatè Nippes, Nenel Cassy, ​​ak ansyen depite komin Kenscoff, Alfredo Antoine kite peyi a akòz fo deklarasyon  byen ak anrichisman ilegal.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article