Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Minis Kristi Noem anile prolongasyon TPS  pou 520 mil Ayisyen

Minis Kristi Noem DHS

Minis Kristi Noem DHS

Publicité

WASHINGTON –  Etazini , 20 fevrye 2025 -Tinouvel.com

 

Etazini-Imigrasyon

 

Minis Kristi Noem anile prolongasyon TPS  pou 520 mil Ayisyen


Ministè  Sekirite Enteryè (DHS) te deside jedi pou  fini ak pwoteksyon Ayisyen ki Ozetazini kont   depòtasyon , yon desizyon   ki ka provoke kontestasyon devan lajistis.

 

Memo DHS  a ap chèche anile desizyon administrasyon anvan an te pran pou pwolonje Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) Ayiti a  pou 18 mwa , ki pèmèt moun ki pa kapab retounen nan peyi yo akòz latroublay  oswa yon dezas natirèl rete Ozetazini san yo pa pè depòtasyon.


Nan kad sa a, TPS Ayiti a pral fini 3 out 2025, sof si gen pwolongasyon .


Menm jan ak yon mesi yo te pran pou  te “anile” TPS pou Venezyelyen yo, DHS pretann yo ap pran menm aksyon sa a pou Ayisyen, li blame administrasyon anvan an ki te renouvle pwoteksyon yo nan mwa jen.

 

"Ansyen Prezidan Biden ak ansyen Sekretè Sekirite Enteryè Alejandro Mayorkas  tap  eseye mare pye  administrasyon Trump la nan pwolonje Estati Pwoteje Tanporè Ayiti pou 18 mwa ,pi lontan pase sa ki te  nesesè ou jistifye," DHS te ekri nan yon deklarasyon.


“N ap retounen entegrite nan sistèm TPS la, kote etranje ilegal   yo  tap  abize ak eksplwate  pandan plizyè dizèn ane. Prezidan Trump ak Sekretè Noem ap retounen TPS nan estati orijinal li: tanporè.”

 

DHS te montre evolisyon TPS pou Ayisyen, yo te  kritike anpil pwogram TPS pou Ayiti.Dapre DHS TPS Ayiti  te kòmanse an 2010, e anviwon 57,000 moun te anrejistre pou TPS ane annapre a.


 Yo te bay Ayisyen TPS   apre yon tranblemanntè 7.0.ki te devaste  peyi sa a.


Sepandan, estati a te renouvle anba administrasyon Biden nan mitan ajitasyon politik ak  sivil apre asasina Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse an 2021.Depi Jiyè 2024,DHS anonse  li estime li monte a 520,694 Ayisyen.

DHS te devan lajistis Jedi nan  kad de pwosè separe kap konstete anilasyon TPS pou Venezyelyen yo.

 

DHS itilize menn   metòd la  pou anile  TPS   pou de gwoup moun  yo, sa vle di aksyon Noem ap fè sou Ayiti ta gen anpil chans pou oganizayon dwa moun yo trennen yo devan lajitis.

 

"Aksyon Sekretè a ilegal pou plizyè rezon. Anlagan, DHS pa gen okenn pouvwa pou l anile yon prolongasyon TPS kite la deja . Lwa TPS la gen regleman strik li ki  bay kondisyon yo ka pran desizyon nan  TPS , li fikse  nan ki delè ak lòt règ pwosedi yo dwe swiv pou ekstansyon ak revokasyon,”se National TPS Alliance te ekri nan plent li a.


Li te di tou  desizyon Noem te baze sou yon opinyon li ta fe  TPS ilegal, malgre se yon lalwa ki kreye estati sa a  .

 

"Ni mepri yo pou TPS ni desizyon Sekretè a pa ka anile yon lwa," yo te ekri.

 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous The Hill

 

Minis Kristi Noem anile prolongasyon TPS  pou 520 mil Ayisyen
Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article