Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
WASHINGTON, Etazini 25 fevrye 2025 -Tinouvel.com
Trump ap anvizaje vann $5 milyon dola 'kat dore' kòm chemen pou sitwayènte
Trump anonse yon plan pou vann yon wout dekoupe pou pou moun rich yo ka vini sitwayen ameriken ak 'Trump Gold Card' Trump kat dore".
Prezidan Donald Trump anonse plan administrasyon li a pou l vann yon "kat dore" vèsyon ki bay yon wout dekoupe pou moun jwenn yon kat vèt , yo konn rele kat rezidans ki pral koute 5 milyon dola.
"Nou pral vann yon kat dore. Ou gen yon kat vèt. Sa a pral yon boul lò, kat dore a". Nou pral fikse yon pri sou kat sa a apeprè $ 5 milyon dola. Epi sa pral ba ou privilèj kat vèt,ou kat rezidans . Anplis de sa, li pral bay yon wout dekoupe pou jwenn sitwayènte, ak moun ki rich yo pral antre nan peyi nou an lè yo achte kat sa a, "Prezidan an te fè anons espontane sa a nan Biwo Oval la, apre li te finn siyen yon dekrè , Madi 25 fevriye a.
"Yo pral rich epi yo pral gen siksè epi yo pral depanse anpil lajan ak peye anpil taks ak anplwaye anpil moun. Epi nou panse se pral yon gwo tonton siksè epi anyen konsa pa janm rive oparavan ," Trump te ajoute.
Sekretè (minis) Komès Howard Lutnick sigjere pou pwogram nan ta kòmanse nan de semèn epi ranplase pwogram envestisè imigran EB-5 ki egziste deja. Li te di tou imigran yo pral sou kontwòl epi ede diminye defisi bidjetè a.
Trump espere konpayi yo ap peye pou fè travayè edike antre Ozetazini ak kat dore sa a e peyi a ka vann yon milyon kat. Prezidan an te di kat la t ap yon chemen pou sitwayènte, men moun pa t ap achte aksè ak sitwayènte.
Li te rele li yon kat vèt ak yon "pi wo nivo konplike," ki dekri yon avni kote moun ki rich atravè mond lan ta ka peye wout yo nan sitwayènte Ameriken epi konsa, sipozeman, vin kontribyab epi kreye travay. Altènativman, Trump sijere ke moun ki rich oswa konpayi yo ta ka peye pou moun ki gen anpil talan oswa kalifye pou jwenn kat yo. Li te di ke avoka Mezon Blanch te deja etidye pwopozisyon an e yo te jwenn li legal.
"Nou pa bezwen Kongrè a," Trump te di. "Se yon chemen pou sitwayènte. Yon chemen trè fò, men nou pa ap fè sitwayènte. Pou sa, mwen ta dwe fè apèl ak Kongrè a."
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous abcnews