Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 4 fevrye 2025 -Tinouvel.com
USAID yon kouto file de bò
USAID se pi gwo founisè èd imanitè nan mond lan sou wout pou li fèmen e moun ki gen responsablite sa a nan administrasyon Trump se milyadè Elon Musk .Dimanch, Trump te deklare USAID se "yon pakèt moun fou radikal k ap dirije l, epi n ap kraze yo," pandansetan Musk te kalifye ajans lan tankou "òganizasyon kriminèl" san yo pa bay okenn prèv de sa yo di.
Ki sa USAID ye, ki wòl lap jwe nan mond lan , pou ki sa nou di se yo yon kouto file de bò ak kijan li finanse pwojè li yo ?
Ki sa USAID ye ?
USAID se branch nan gouvènman ameriken an ki bay èd pou devlopman ekonomik ak asistans imanitè dan lemond antye.Prezidan Demokrat John F. Kennedy te kreye li 3 novanm 1961 nan mitan Gè Fwad la, pou pi byen kowòdone èd etranje yo, ki te deja yon platfòm kle nan politik etranjè etazini kont enfliyans Sovyetik la.
Se USAID ki administre anviwon 60% èd etranje ameriken ap bay lòt peyi yo asistans imanitè ak devlopman, sitou nan finanse òganizasyon non-gouvènmantal yo, gouvènman etranje yo, òganizasyon entènasyonal yo, oswa lòt ajans ameriken yo, dapre Sèvis Rechèch Kongrè a (CRS).
Pou ane fiskal 2023 li te dekese 43,79 milya dola . Dapre yon rapò Sèvis Rechèch Kongrè a te pibliye .Se anviwon 130 peyi an 2023 ki resevwa èd sa yo.Gwo benefisyè èd sa yo yo se Ikrèn, Etiopi, Jòdani, Repiblik Demokratik Kongo, Somali, Yemen, Afghanistan, Nigeria, Soudan Disid ak Syrie.
ki wòl lap jwe nan mond lan ?
Dapre CRS, USAID ede "peyi ki enpòtan estratejikman pou Etazini ak peyi ki nan konfli; ofisylèman Etazini dirije efò pou soulaje povrete, maladi, ak bezwen imanitè; epi ede enterè komèsyal Etazini yo nan sipòte kwasans ekonomik peyi andevlopman yo ak ranfòse kapasite peyi yo pou yo patisipe nan komès mondyal."
Lajan yo bay kouvri tout bagay, depi nan sante fanm nan zòn konfli yo, yo pèmèt peyi pòv rive jwenn aksè ak dlo potab, tretman VIH/SIDA, sekirite enèjetik ak batay kont koripsyon.
Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID) te bay Ayiti 2 milya dola pou sipòte rekonstriksyon ak devlopman li pandan ane fiskal 2010-2020.
USAID yon kouto file de bò
USAID (Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal) se yon ajans gouvènman Etazini ki responsab pou bay asistans imanitè ak devlopman ekonomik peyi andevlopman yo. Sepandan, USAID kapab tou konsidere kòm yon kouto de bò nan pote enfliyans Ameriken toupatou nan mond lan.
Sou yon bò, USAID kapab pote benefis reyèl nan peyi an devlopman yo nan bay asistans imanitè ak ekonomik ki ka ede amelyore kondisyon lavi popilasyon lokal yo. USAID patisipe nan pwojè devlopman tankou bati enfrastrikti, fè pwomosyon pou edikasyon ak sante, ak sipòte kwasans ekonomik .
Sou yon lòt bò, menn USAID ka itilize fon li yo pou ankouraje enterè ekonomik ak politik Etazini, olye li vrèman la pou ede peyi sou devlope yo. Pa egzanp, USAID ka bay asistans ekonomik pou peyi ki enpòtan estratejikman pou Etazini, oswa ki gen resous natirèl Etazini vle eksplwate.
Anplis de sa, USAID ka itilize lajan li yo tou pou ankouraje valè ak ideyoloji Ameriken yo nan lòt peyi yo,yo konsidere pratik sa yo kòm yon fòm neokolonyalis. Ed sa yo selon kèk Kritik ka lakòz yon peyi pèdi otonomi ak souverènte yo, yo ka fòse yo konfòme yo ak egzijans ak kondisyon Etazini ap enpoze yo pou kapab resevwa èd sa yo . Plizyè egzanp montre kòman lajan kontribyab ameriken atravè USAID ap enfliyanse mond selon pwen vi pa yo ,nap rete sou youn :
➡️ 2.5 milyon dola pou ankouraje (Diversity, equity inclusion )DEI nan Sèbi
➡️ $70K pou yon mizik DEI nan Iland
➡️ $47K pou yon opera transganr nan Kolonbi
➡️ $32K pou yon tikomik trans o Perou
Pwojè sa yo pa gen ak devlopman peyi sa yo, ni se pa yon bezwen pou popilasyon lokal yo.
Menn lè nouvèl Pòtpawòl Mezon Blanch lan, Karoline Leavitt, di se yon gaspiyaj Lajan kontribyab yo men sa sifi pou konprann motivasyon Tonton sam.
USAID sous finansman aktivite sibvèsif nan mond lan
Sa nou te souliyen nan premye pargraf devan yo se trokèt la men chay la.
Dapre jounal Prensa latina nan dat 31 oktòb 2020 ,Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID) ap sèvi kòm fasad pou finanse aktivite sibvèsif kont Kiba, nou tap site jounal ofisyèl Granma.
Nan yon editoryal, jounal gouvènman an fè remake USAID ak National Endowment for Democracy (NED) maske aksyon CIA, Santral Entèlijans Ameriken epi fonksyone kòm kannal pou ba gwoup kontrevolisyonè yo lajan .
Li site sit entènèt Cuba Money Project, jounalis Ameriken Tracey Eaton te kreye , ki fè konnen kantite lajan yo te resevwa nan pwogram sibvèsyon kont Kiba depi 1990 te estime a plis pase 261 milyon dola.
Granma raple sou premye manda Repibliken Donald Trump La Mezon Blanch USAID te envesti an janvye 2017, prèske 50 milyon dola nan tantativ pou chanje sistèm politik Kiba a.
De òganizasyon yo simen lajan sou medya prive nan zile a, "yo ap danse sou milyon dola pou eseye kraze Revolisyon Kiben an," jounal te ajoute .
Ann Ayiti, sou sitwèb Jafrikayiti , Jean Elissaint Saint-Vil ap dirije montre kouman Ameriken yo atravè USAID itilize antreprenè lokal yo pou fè yo tounen yon fòs opozisyon pou te ranvèse Aristide ankò, li site yon atik "The other regime change" ki te pibliye an Jiyè 2004 sou sitwèb salon.com, kote jounalis Nò Ameriken Max Blumenthal revele kijan Enstiti Repibliken Entènasyonal (IRI), yon "fondasyon politik san bi likartif", USAID tap sibvansyone anpil e se Stanley Lucas ki te reprezante yo sou zile a e ki tap dirije operasyon an anti-Aristide.
Nan travay sa a, IRI te resevwa sipò enkondisyonèl yon nwayo ekstrèm dwat Pati Repibliken an ki byen lye ak George W. Bush ... "
Pou Global Research ou Mondilisation .ca se Depatman Deta ki dirije ajans lan. Wòl li nan relasyon piblik se founi "devlopman entènasyonal". Men an reyalite Se yon kòd pou kache peche yo ki "se ankouraje chanjman rejim ak febli gouvènman eli ki pap mache ak ajanda neyoliberal la".
Se sak fè USAID bay asistans imanitè tou nan peyi Washington pa gen relasyon diplomatik, tankou ,Kiba ,Iran ak Kore di Nò.
Sit entènèt la prezante yon lis aktivite sibvesib USAID fè nan mond lan nap bay kèk nan yo e li ta bon nou konsilte sit la pou konnen ajisman yo.
Pou sit la "USAID anreyalite se yon entèmedyè pou aktivite CIA yo". David H. Price, nan liv li "Cold War Anthology: The CIA, the Pentagon, and the Growth of Dual Use Anthropology," dekri kijan "aktivis" " dwa moun ",se nou ki ajoute sa a", k ap travay pou USAID tap pase enfòmasyon itil bay CIA.
4 out 2014, Associated Press te revele USAID te sipòte yon pwogram nan peyi Kiba ki te mennen jèn ki soti nan Amerik Latin nan zile a ak swadizan objektif pou jwen disidan politik. Jèn ki soti Kosta Rika, Venezyela ak Pewou te vwayaje pou Kiba pran pòz touris oswa pwofesyonèl sante anime atelye prevansyon VIH, men ak reyèl objektif fòme militan opozisyon an. (al li « With HIV regime-change ruse in Cuba, another black eye for USAID », Whitney Eulich, The Christian Science Monitor
"USAID te lanse yon apèl pou sou tretan ki enterese nan kraze Nikaragwa apre eleksyon 2021 yo.
USAID se dan devan nan anpil revolisyon kolore tankou prentan arab. Eva Golinger, yon avoka, ekriven, ak jounalis, ekri: “Kèlkeswa kote gen yon koudeta, yon revolisyon kolore, oswa yon chanjman rejim favorab ak enterè Etazini, USAID ak pil dola li yo la. ( Konsilte "Colored Revolutions: A New Form of Regime Change, Made in USA," pibliye sou WikiLeaks.)
USAID itiize menn ti resèt la . Mouvman etidyan ak jèn yo louvri vwa pou nouvo figi politik "emèje" ,an Ayiti se konsa mouvman sa yo kale Claude Joseph, Garry Boudeau ,Herve Saintilus,Luckmane Delile elatriye .Gade rezilta moun sa yo nap konprann.
An 2004 antrprenè politik destabilizatè yo tap atire lòt moun inosan ou pa vin jwenn yo nan gwo aktivite destabilizasyon peyi a, manifeste ak mayo blan vinn alamòd, manifeste tounen yon pwogram fre ,koul pou jèn nan katye defavorize yo. Toujou gen yon logo, yon koulè, yon slogan,yon estrateji maketing.
Ayiti se te slogan grenn nan bouda GNB akompaye ak cha mizikal ak mizik Bethova Oba, Bookman Esperyans .Nan Sèbi, gwoup OTPOR, ki te ranvèse Slobodan Milosevic, te pran lari ak mayo, afich ak drapo ki gen yon pwen nwa ak blan, senbòl rezistans yo. Nan Ikrèn, logo a rete menm jan an, men koulè a chanje an oranj. Nan Georgie se yon pwen woz, nan Venezyela olye se yon pwen fèmen se yon men louvri an nwa ak blan, pou ajoute yon ti varyete.
USAID te istorikman finanse pwojè ki gen rapò ak gouvènans ak eta de dwa an Ayiti, yo bay lajan pou 91 aktivite nan sektè sa a ant 2010 ak 2020.Gen kèk nan lajan sa yo ki al jwenn soutretan ak entèmedyè tankou Enstiti Nasyonal Demokratik (NDI) oswa Enstiti Repibliken Entènasyonal (IRI) ki te resevwa finansman pou pwogram politik.
Teyorikman, si nou suivi ONG ann Ayiti ki benefisye lajan sa yo atravè kannal NDI ak IRI nou ka wè e konprann ki wòl yo jwe nan finanse represyon an kont peyi a, kont òganizasyon, mouvman gòch ou pwogresis yo, e an jeneral nan destabilize Ayiti.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous USAID funds subversive activities against Cuba ,Prensa Latina 31 October 2020.
TVA Nouvelles , le Monde ak AFP
Jafrikayiti ,Cuba Si
Global Research ou Mondialisation .ca