Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Atak dron kamikaz  ap kontinye nan kapital la

Atak dron kamikaz  ap kontinye nan kapital la
Atak dron kamikaz  ap kontinye nan kapital la

Pòtoprens,Ayiti, 19 Mas 2025 -Tinouvel.com


Atak dron kamikaz  ap kontinye nan kapital la


Abitan nan twazyèm sikonstriksyon Pòtoprens te reveye anba  gwo eksplozyon jounen  mekrèdi  19 mas la.Dron kamikaz  sakaje sant vil la ak yon pati nan Delmas byen bonè mekrèdi maten sa a. Anviwon dis dron yo te lanse kont plizyè gwo fyèf bandi yo . Gran Ravin, Fò mekrèdi, VilajdeDye , Fouchard ak Delmas 30 te anba frap,dapre ,GazetteNews


Pou kounye a bilan  atak sa yo rete enkoni ,malgre jounal GazetteNews anonse genyen yon kantite siyifikatif bandi ki ta pèdi lavi yo, lòt moun ta blese grav.

 

Domaj ki pi enpòtan yo te anrejistre nan yon baz  Ti Lapli ak nan Fouchard, kote bandi ki t ap prepare pou al atake katye   rezidansyèl Paco ak Débussy yo ,bonm sa yo ta koupe an miyèt moso, dapre sous jounal la.Selon Roudy Sanon nan emisyon Se sa nou vle ak "otorite ta lage 3 bonm sou ansyen lokal lekòl Mahanata.Gen 2 lòt dwon yo lage sou yon gwoup bandi nan Fò mekrèdi ki tap eseye rantre nan VilajdeDye .


Otorite ayisyèn yo, ki ap eseye deloje bandi yo ak nouvo metòd sa a, manke resous pou mennen batay la atè.Atak dron kont bandi Viv Ansanm yo , jiskaprezan, sèl zam ki ka ralanti avansman gang yo.


Atak dron sa yo ap fè fas ak kèk obstak tankou pwoblèm kowòdinasyon Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ak antite ki responsab itilizasyon dron yo .Menn si gouvènman te konte sou dron swisid pou netralize operasyon gang yo men li poko elimine okenn nan chèf gang Viv ansanm yo . 


Atak dron sa yo  jwenn yon sipò prèske total nan mitan popilasyon ki lejitime tout frap chirijikal kapab detwi gwo fyèf estratejik gang yo men li kontre ak plenyen ak kèk swadizan òganizasyon dwa moun ki kalifye kòm yon solisyon twò radikal kap fè egzekisyon ekstra jidisyè.


Pou sèten obsevatè se mèt ak zanmi teworis yo  kap mande padon pou bandi li yo .


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article