Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 14 Mas 2025 -Tinouvel.com
Ayiti -Ensekirite : "Fòk yo pran sanksyon kont gason ak kravat ak fanm ak kòl blan",dapre yon ekspè Nasyonzini
Ekspè wo Komisè Nasyonzini pou dwa moun te vizite Ayiti pandan yon semèn pou gade sitiyasyon peyi a,apre vizit li Ayiti li dekri laterè k ap reye nan Pòtoprens, anba kontwol gang yo.
"Atmosfè a vrèman terib, li dramatik. Moun yo pè. Gen yon atmosfè kap bay kè kase.Pou kounye a gang antoure tout kapital la. "Kapital la tounen yon zile, izole ak rès peyi a, an lè, a tè, sou lanmè... Se konsa, yo viv , san yo pa konnen ki lè yon gang pral vini," dapre eksplikasyon William O'Neill nan estidyo UN Info.
Nan entèvyou Odyo sa a Mesye O'Neill fe konnen gen kote misyon nasyozini entedi anplwaye li yo ale , malgre sitiyasyon tris sa ekspè a kwè mete yon fen nan kriz ayisyen an se "fezab."
Ki jan?
Li mande pou yo byen ekipe Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal (MMAS) ak mete anplas tout efektif misyon an ak bon jan materyèl,tankou elikoptè,dwon, machin apwopriye, zam ak minisyon ; pou pran sanksyon kont "Gason ak kravat fanm ak kòl blan", kont oligak, politisyen ki dèyè gang yo; epi aplike anbago zam yo.
"Si gang yo pa gen sipò popilasyon an, yo pa gen minisyon, yo pa gen zam: yo pral pèdi pouvwa yo trè vit," dapre Mesye O'Neill. "Se konsa, si nou fè twa bagay sa yo ak anpil rigè ak anpil dimansyon - misyon miltinasyonal, sanksyon, anbago - nan opinyon mwen li ka rezoud nan kèk mwa."
Li kwè sitiyasyon ann Ayiti pa jis e espere "desidè entènasyonal ap fè le nesesè pou bloke avansman gang yo an peyi a".
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com